Anbasadè Lèzetazini ann Ayiti, Pamela White, rankontre madi 2 desanm 2014 la ak reprezantan 5 pati nan opozisyon politik la. Rankont sa a dewoule sou kriz politik la ak enpas elektoral la. Sekretè jeneral pati Fizyon Sosyo-Demokrat yo, Rosemond Pradel, ki te patisipe nan rankont la, fè Lavwadlamerik konnen Madam White deklare li genyen yon lòt opinyon sou kriz la e sou pozisyon opozisyon an.
Aprè chita-tande a, anbasad la fè parèt nòt pou laprès sa a :
« Madi 2 desanm 2014 la, Anbasadè ameriken an, Pamela White, rankontre ak reprezantan prensipal pati opozisyon an nan lokal Fizyon Sosyo-Demokrat yo nan Kris Wa, nan Pòtoprens.
Anbasadè a remèsye 9 reprezantan opozisyon an ki te patisipe nan rankont la ki dire plis pase innèdtan. Analiz yo fè sou sitiyasyon politik aktyèl la, devouman yo montre pou avni peyi d Ayiti, ak volonte yo genyen tout bon pou yo negosye pou byen peyi yo, enpresyone anbasadè White anpil-anpil. Li kite rankont la avèk konviksyon genyen mwayen pou bagay yo avanse.
Anbasadè a espere fè lòt rankont avèk yon gwo kantite òganizasyon politik epi kontinye pote apui fèm Lèzetazini pou yon solisyon ayisyen pou tout pwoblèm politik ki poze kounye a nan peyi a. »
(fen tèks la)