Nan peyi Dayiti, Prezidan Michel Martelly enstale, nan jounen lendi premye desanm 2014 la, 11 manm yon komisyon konsiltatif kap gen pou travay sou sentèz konsiltasyon chèf deta a te fè ak divès sektè nan vi nasyonal la nan kad rechèch yon solisyon pou kriz elektoral la. Manm Komisyon an pral travay sou pwopozisyon sektè sa yo te fè Prezidan Martelly e yo gen pou remèt Pouvwa Egzekitif la yon rapò nan yon delè 8 jou.
Rankont Anbasadè Pamela White ak lidè Opozisyon an
Yon lòt kote, Anbasadè Lèzetazini nan peyi d Ayiti, Pamela White, rankontre madi apremidi avek reprezantan 6 pati nan opozisyon an. Rankont sa a te sipoze chita sou kriz politik la ak enpas elektoral la, daprè Sekretè Jeneral pati politik Fusion, Rosemond Pradel, ki te konfime patisipasyon li nan chita-pale sa a.
Sena Ayisyen an Konvoke Chèf Polis la, Godson Orélus
Anfen, apre yon seri zak vyolans ki te dewoule nan Depatman Nòdès la kote lapolis ta zwadizan fè viktim nan mitan popilasyon an, Prezidan komisyon jistis, defans ak sekirite piblik nan Sena a, Pierre Francky Exius, te konvoke direktè jeneral Polis Nasyonal la Godson Orélus pou jounen madi 2 desanm 2014 la pou l reponn kesyon komisyon an sou dosye sa a.