Accessibility links

Breaking News

Seyans Depozisyon nan Kongrè Ameriken an sou Chanjman nan Sistèm Imigrasyon an


Prezidan Komisyon sou Sekirite Teritiryal la, Depite Michael McCaul (yon Repibliken Eta Tegzas), ap koute Minis Sekirite Teritiryal la, Jeh Johnson, ki tap patisipe nan yon seyans depozisyon.
Prezidan Komisyon sou Sekirite Teritiryal la, Depite Michael McCaul (yon Repibliken Eta Tegzas), ap koute Minis Sekirite Teritiryal la, Jeh Johnson, ki tap patisipe nan yon seyans depozisyon.

Manm repibliken Kongrè Lèzetazini an lanse kèk atak solid sou Prezidan Barack Obama poutèt li pran desizyon pou kont li, nan fen mwa novanm 2014 la, pou l nòmalize stati anviwon 5 milyon imigran kap viv ilegalman nan peyi a --sa ki anpeche sèvis imigrasyon depòte yo.

Nan yon seyans depozisyon ki dewoule madi 2 desanm 2014 la, Depite Michael McCaul (yon Repibliken Eta Tegzas) fè konnen, pa le fèt ke Prezidan an pran desizyon sa a san l pa mande konsantman Kongrè a, se pase li pase sou kote depite yo ak sanatè yo pou l fè aplike yon dekrè prezidansyèl an favè imigran yo, e sa pral ankouraje plis etranje chache antre ilegalman nan peyi a. Depite McCaul di :

“Si nou pa konprann aksyon sa a voye yon mesaj klè bay moun kap viv o Meksik ak nan Amerik Santral la, se tèt nou nap bay manti. Nou pral wè yon bann ak yon palèt imigran illegal anvayi nou akoz aksyon Prezidan an.”

Seyans depozisyon an fèt sou lobedyans Komisyon Sekirite Teritoryal Chanm dè Reprezantan an. Depite McCaul ak lòt palmantè repibliken ki te prezan yo fè konnen plizyè fwa nan le pase Prezidan ameriken an te doute li gen otorite pou l pran yon desizyon konsa; daprè yo, Misye Obama chanje taktik aprè pati l la (Pati Demokrat la) te sibi yon gwo defèt nan eleksyon mi-manda ki te dewoule nan kòmansman mwa novanm nan.

XS
SM
MD
LG