Gouvènman ayisyen an kondane vyolans ki te fèt pandan manifestasyon opozisyon an te òganize madi 18 novanm nan kote 2 moun pou pipiti blese. Gouvènman an anonse lajistis louvri yon ankèt pou idantifye koupab yo epi trennen yo devan lajistis. Opozisyon an lage responsabilite ensidan an sou do gouvènman an. Senatè Moise Jean Charles anonse li pral pote plent kont otorite yo.
Yon lòt kote, nan vil PòdePè ( Nòdwès) lapolis te entèveni pou pwoteje Sekretè Jeneral "Rassemblement des Democrates Nationaux Progressistes" (RDNP) Mirlande Manigat apre plizyè manm pati a te anpeche l bay yon konferans sou siyifikasyon "Bataille Vertières" la. Manm sa yo akize pwofesè Manigat yo di ki angaje pati a nan lit opozisyon an ap mennen kont gouvènman an san li pa konsilte yo. Pwofesè Manigat, ki rekonèt genyen yon pwoblèm nan mitan pati a, deklare li pa bezwen apwobasyon oken gwoup ni endividi nan pati a puiske li gen manda komite egzekitif la.
Anfen, plizyè ekspè sante piblik te patisipe nan yon rankont dirèk avèk Lafrik pou diskite sou danje viris Ebola a poze pou sanitè moun sou planèt la.