Accessibility links

Breaking News

Militan Islamik Koupe Tèt yon Lòt Sitwayen Ameriken nan Peyi Siri


Ed ak Paula Kassig kenbe yon foto pititgason yo, Abdul-Rahman Kassig, ki te gen 26 zan.
Ed ak Paula Kassig kenbe yon foto pititgason yo, Abdul-Rahman Kassig, ki te gen 26 zan.

Otorire ameriken yo konfime nouvèl ki di Abdul-Rahman Kassig, yon sitwayen Lèzetazini, pèdi lavi li anba men militan Gwoup Eta Islamik la ki koupe tèt li

Prezidan Barack Obama pale pou l di se yon zak “totalman mechan e dyabolik. » Misye Obama --ki abòde dosye a pandan li te abò avyon ofisyèl Mezon Blach-la, Air Force One-- fè konnen Gwoup Eta Islamik la montre ki sa li ye vrèman, sètadi li se yon gwoup ki siyen non li ak san inosan -pami yo genyen mizilman-- e se yon gwoup kap simaye lanmò ak destruksyon sou wout li. Viktim nan te gen 26 zan e sete yon ansyen manm lame amerikèn.

Bò kote pa li, Minis defans Lèzetazini an, Chuck Hagel, di Abdul-Rahman Kassig te ale ede moun ki te nan bezwen e se sa ki koz lanmò li. Minis Hagel, ki tap pale ak laprès, di Misye Kassig se yon nèg ki te gen bon jan prensip; e si l pèdi lavi li, se paske aplikasyon prensip sa yo te oblije li al pote èd li bay moun kèlkeswa kote asistans li te nesesè.

Chèf Pentagòn nan ensiste pou l di Lèzetazini pran angajman pou l ranpòte laviktwa sou Gwoup Eta Islamik la. Militan yo te mete men sou Misye Kassig sa gen 13 mwa pandan li tap fè sèvis imanitè nan peyi Siri ke yon gè sivil ap ravaje. Dimanch 16 novanm 2014 la, militan yo pibliye yon video ki sanble montre yon gwoup ekstremis ki tap koupe tèt plizyè sòlda siryen; video a fini ak imaj yon militan ki deklare se li ki touye Abdul-Rahman Kassig.

XS
SM
MD
LG