O Meksik, otorite yo fè konnen dekouvri byen ta nan sware Jedi 3 me 2012 la kadav 3 jounalis ki te krible ak bal nan Eta Veracruz nan Lès peyi a.
Se dènye pami yon seri asasina otorite yo lage sou do katèl dwòg vyolan kap opere a travè peyi a.
Non viktim yo se Guillermo Luna Varela, Gabriel Huge avèk Esteban Rodriguez. 3 jounalis yo t ap travay nan près lokal yo swa kòm fotograf, swa kòm repòtè.
Otorite yo dekouvri tou yon 4 tèm kadav ; viktim sa a rele Irasema Becera. Manmzèl se ta mennaj jounalis Guillermo Luna, dapre menm sous la