Accessibility links

Breaking News

Akò Istorik ant Lèzetazini ak Lachin sou Rediksyon Polisyon


Prezidan Barack Obama (agoch) ap bay lanmen avèk Prezidan Lachin nan, Xi Jinping, devan drapo nasyonal ameriken ak chinwa pandan yon konferans pou laprès nan Grann Sal Pèp la nan Peken. (Foto: 12 novanm 2014).
Prezidan Barack Obama (agoch) ap bay lanmen avèk Prezidan Lachin nan, Xi Jinping, devan drapo nasyonal ameriken ak chinwa pandan yon konferans pou laprès nan Grann Sal Pèp la nan Peken. (Foto: 12 novanm 2014).

Daprè nouvèl ki sòti Peken, Lèzetazini ak Lachin anonse nouvo plan yo genyen pou yo diminye emisyon gas kabonik dekwa pou yo redui polisyon lè a nan kad yon akò yo jwenn nan yon rankont ant Prezidan Barack Obama ak Prezidan Xi Jinping. 2 peyi ki responsab pou pi gwo emisyon gaz kabonik nan lemond yo fè anons la mèkredi 12 novanm 2014 la e sa kapab jwe yon gwo wòl nan efò kap fèt pou konbat chanjman klimatik yo.

Prezidan Obama fè konnen Lèzetazini dakò pou l koupe ant 26 a 28 pou san nan emisyon gas kabonik kap fèt lakay li anvan ane 2025 –swa 2 fwa lavalè kantite rediksyon peyi a ap fè aktyèlman. Bò kote pa l, Prezidan Xi pwomèt emisyon gaz kabonik la nan Lachin pral rive nan nivo ki pi ba a vè lane 2030. Se premye fwa Lachin –ki se pi gwo peyi ki bay polisyon sou planet Tè a-- fè yon pwomès konsa avèk yon dat pou l mete emisyon CO2 a nan nivo ki pi ba posib la lakay li.

XS
SM
MD
LG