Accessibility links

Breaking News

Inondasyon o Kap Ayisyen - Vizit Yon Delegasyon Ofisyèl Gouvènman an


Prezidan Michel Martelly O Kap-Ayisyen, Nò Ayiti.(Foto Radio TeleVenus-VOA Kreyòl Affiliate)
Prezidan Michel Martelly O Kap-Ayisyen, Nò Ayiti.(Foto Radio TeleVenus-VOA Kreyòl Affiliate)

Ann Ayiti, Prezidan Michel Martelly, Premye Minis Laurent Lamothe ak plizyè manm gouvènman an retounen Pòtoprens apre yon toune nan nò peyi d Ayiti kote yo t al evalye dega inondasyon koze nan vil Kap Ayisyen ak lòt kote. Delegasyon an, ki vizite plizyè zòn sinistre ak abri pwovizwa responsab yo enstale, distribye kit alimantè bay viktim yo. Gouvènman an lonje dwèt sou konstriksyon anachik kòm responsab sitiyasyon sa a.

Premye Minis Lamothe deklare gouvènman an ap travay sou yon plan a kou e mwayen tèm pou l pote plis asistans bay viktim inondasyon an ki touye 5 moun pou pipiti nan Gran Nò a (swa Depatman Nò, Nòdès ak Nòdwès). Gouvènman an deja debloke 34 milyon goud pou ede viktim yo.

Nouvèl Ayiti -vandredi 07 novanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:51 0:00
Direct link

Yon lòt kote, prezidan Michel Martelly ap resevwa vandredi 7 novanm 2014 la Monseyè Guyr Poulard ak plis pase 10 reprezantan Sosyete Sivil la ki te mande rankont la nan kad seri konsiltasyon pouvwa egzekitif la mete sou pye pou rezoud kriz politik la. Misye Martelly voye yon envitasyon separe bay lidè 6 pati politik opozisyon an ki gen reprezantan yo nan sena a pou yon rankont ki fikse pou mèkredi 12 novanm kap vini la a. Dirijan pati politik yo di tout negosyasyon ak chèf deta a dwe respekte yon seri preyalab, tankou yon klima apwopriye pou eleksyon dewoule, yon Konsèy Elektoral Pwovizwa ki bati daprè Atik 289 konstitisyon an, epi, antwòt, yo ensiste pou demisyon chèf deta a fè pati ajanda diskisyon yo.

Prezidan Michel Martelly di seri konsiltasyon yo ap fini nan mitan mwa novanm nan. Li pral fè yon rezime ak konseye l yo, epi lap pran an konsiderasyon rekòmandasyon aktè politik ak sosyete sivil la fè l avan li mete yon mesaj devan pèp ayisyen an sou dosye a.

Anfen Serge Michel, vis prezidan relasyon piblik ak rekritman Gwoup Refleksyon ak Aksyon pou yon Nouvèl Ayiti (GRAN-Ayiti) ak plizyè jèn lidè ki sòti nan divès lòt peyi, ap patisipe nan yon pwogram sou devlopman pwofesyonèl ak lidèchip nan Eta Minnesota, nan Sant-Wès Lèzetazini, nan kad yon pwogram kap dewoule sou patwonaj Depatman Deta ak Inivèsite Minnesota. Misye Michel ak divès lòt manm gwoup entènasyonal la te vizite vil Washington DC kote yo swiv dewoulman eleksyon mi-manda ki pote gwo chanjman nan Kongrè Lèzetazini an. Nou ka tande responsab relasyon piblik ak rekritman GRAN-Ayiti a nan mikwo Lyonel Desmarattes.

XS
SM
MD
LG