Accessibility links

Breaking News

Vizit Premye Minis Lamothe nan Zòn Inondasyon Frape nan Nò Peyi d Ayiti


Inondasyon nan vil Kap Ayisyen (Foto C Garnier Tele Venus-Afilyé Sèvis Kreyòl la)
Inondasyon nan vil Kap Ayisyen (Foto C Garnier Tele Venus-Afilyé Sèvis Kreyòl la)

Ann Ayiti, 8 moun pou pipiti mouri tandiske plizyè milye lòt pa gen kote pou yo rete akoz inondasyon ki frape 4 depatman peyi a (Nò, Nòdwès, Nòdès ak Lwès). Premye Minis Laurent Lamothe ak Minis Finans la, Marie Carmelle Jean Marie, ap nan tèt yon delegasyon ki pral vizite zòn sinistre yo pandan jounen jedi 6 novanm nan pou evalye dega yo.

Gouvènman an deja debloke 34 milyon goud pou asiste viktim yo, daprè Premye Minis Lamothe. Responsab Legliz Katolik yo lanse yon apèl bay sektè prive a pou mande li ede yo jwenn pwodwi premyè nesesite pou kore efò yap fè pou pote konkou bay viktim yo. Depite Kap Ayisyen an, Kenston Jean Baptiste, ki pale ak Jean Robert Philippe, di otorite yo dwe pran dispozisyon ki nesesè pou yo fasilite deplasman asistans ki pral jwenn moun ki nan bezwen yo.

Klike sou ralonj anba atik sa a pou n tande deklarasyon Depite Jean Baptiste fè sou Lavwa Dlamerik.

Entèviou Depite Kenston Jean Baptiste sou inondasyon nan vil Okap jedi 6 novanm
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:02 0:00
Direct link

XS
SM
MD
LG