Accessibility links

Breaking News

Prezidan Michel Martelly ak Opozisyon an Ap Pare Pou Rekòmanse Konsiltasyon yo


Prezidan Michel Martelly (Foto achiv)
Prezidan Michel Martelly (Foto achiv)

Ann Ayiti, Prezidan Michel Martelly ap pare l pou l reprann seri konsiltasyon yo avèk aktè sosyo/politik yo nan yon jefò pou soti peyi a nan kriz politik l ap travèse depi plis pase 3an. Msye Martelly fè konnen l ap mete yon mesaj final devan pèp ayisyen an 18 novanm apre li finn revize, ansanm ak konseye l yo, pwopozisyon diferan sektè pwopozisyon yo fè l sou fason yo kwè kriz la kapab rezoud. Sou kesyon eleksyon yo, lidè ayisyen an deklare l ap pran yon desizyon final apre 12 janvye 2015- dat palman an ap disfonksyonèl akoz manda 2ièm tyè sena a k ap ekspire.

Nouvèl Ayiti -Madi 4 novanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:13:42 0:00
Direct link

Yon lòt kote, msye Martelly tonbe anba anpil kritik apre intèviou li bay 3 jounalis franse nan vil Paris pandan vizit li sot fè sou kontinan ewopeyen an kote li rankontre chanselye alman an, Angela Merkel, e ak prezidan franse a François Hollande. Plizyè sektè kritike chè leta ayisyen an, yo di, ki pat byen prepare pou l reponn kesyon jounalis yo.

XS
SM
MD
LG