Accessibility links

Breaking News

Apèl Kontinye ap Lanse pou Mande Liberasyon 2 Manm Opozisyon an


Justice
Justice

Ann Ayiti, Komisè Gouvènman pwovizwa Pòtoprens la, mèt Kerson Darius Charles, fèmen nan Prizon Sivil Kafou a militan politik Thimothé Rosny ak Byron Odigé apre li te finn tande yo lendi 27 oktòb la. Militan yo, fòs de lòd yo arete pandan manifestasyon opozisyon an te òganize dimanch 26 oktòb kont pouvwa a, gen 3 chèf akizayon k ap peze sou do yo:”Pwovokasyon pou krim, destriksyon byen Prive ak ensitasyon ala vyolans.” Militan politik mèt Andre Michel di mobilizasyon popilè ak batay legal se kèk nan enstriman l ap itilize pou jwenn liberasyon 2 militan yo.

Bò kote pa l, pòt pawòl prezidans la, Lucien Jura, fè konnen gouvènman an pa kont manifestasyon depi pwotestatè yo pa twouble lapè piblik e pa fè kraze-brize. Msye Jura ajoute se dwa popilasyon an pou l manifeste anfavè oubyen kont gouvènman an.

Nouvèl Ayiti -Madi 28 Oktòb 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:12:37 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Batonye lòd avoka yo nan Pòtoprens, mèt Carlos Hercules, di arestasyon yo ilegal akoz yo te fèt pandan yon jou "fèmen." Selon responsab bawo avoka yo, konstisyon an entèdi arestasyon sitwayen soti 6zè diswa pou rive 6 zè nan maten eksepte si gen flagran deli. Biwo Minis lajistis yo pat vle fè deklarasyon sou arestasyon 2 militan politik opozisyon an. Dosye 2 prevni transfere nan kabinè enstriksyon, selon yon jij ki okouran dosye a.

Prezidan sena a Dieuseul Simon Desra mande liberasyon 2 militan yo li konsidere kòm yon zak kraponaj pou anpeche manifestasyon anti-gouvènmantal. Msye Desra kalifye arestasyon militan yo kòm "represyon politik" ki kapab gen konsekans grav pou pouvwa a.

Yon lòt kote, yon delegasyon anplwaye Kongrè Ameriken an rankontre manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a lendi 27 oktòb la pou diskite sou kesyon ki gen pou wè ak dewoulman eleksyon yo. Selon Konseye Elektoral Leopold Berlanger diskisyon yo te santre sou kalandriye elektoral la ak lòt pwoblèm ki anpeche dewoulman eleksyon lejislatif pasyèl yo.

Anfen, Sant Analiz ak Rechèch sou Dwa Moun (CARDH) ak Gwoup k ap Apiye Refijye ak Rapatriye yo (GARR) kritike 4èm rankont bi-nasyonal Ayisyano-Dominiken an ki te dewoule nan Petyonvil jedi 23 Oktòb la. 2 òganizasyon yo di rankont la te dwe dewoule sou arè 268-13 Kou Konstitisyonèl Dominiken an sou stati imigran ayisyen ki pran nesans nan peyi a de paran ilegal depi 1929 olye de relasyon komèsyal ant 2 peyi yo.

XS
SM
MD
LG