Accessibility links

Breaking News

Lapolis Arete 2 Manm Opozisyon an sou Akizasyon yo tap Ankouraje Vyolans


Haiti
Haiti

Ann Ayiti lapolis arete Thimothe Rosny ak Byron Odige pandan manifestasyon opozisyon an te òganize dimanch 26 oktòb la nan Pòtoprens. Lapolis akize 2 manm opozisyon an kòmkwa y ap ankouraje moun fè vyolans.

Arestasyon sa a yo fèt nan Petyonvil kote otorite yo te entèdi opozisyon an manifeste vandredi 17 oktòb la.

Manifestasyon yè a dewoule menm jou prezidan Michel Martelly te konvoke pèp la pou l patisipe nan eleksyon lejislatif pasyèl yo pou eli 2 tyè sena a ak manm chanm depite a.

Ansyen Depite Serge Jean Louis, manm komite òganizatè a, kondane arestasyon 2 manm opozisyon an. Li di aksyon sa a vize dekouraje opozisyon an k ap mande demisyon Prezidan Michel Martelly ak Premye Minis Laurent Lamothe. Akize yo gen pou yo prezante devan tribinal lendi 27 oktòb la pou reponn akizasyon k ap peze sou do yo.

Nouvèl Ayiti - Lendi 27 Oktòb 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:15:17 0:00
Direct link

Yon jou avan manifestasyon an, prezidan Michel Martelly te pibliye yon kominike pou ranvwaye dat dewoulman eleksyon yo. Nan kominike a, prezidan Michel Martelly di l ap kontinye seri konsiltasyon li kòmanse depi fen septanm nan ak aktè politik yo avèk manm sosyete sivil la sou fason pou rezoud kriz la ann atandan otorite yo ansanm ak Konsèy Elektoral Pwovizwa a fikse yon lòt dat pou eleksyon yo.

Konsènan manifestasyon kont pouvwa a, pòt pawòl prezidans la, Lucien Jura, fè konnen se dwa tout sitwayen pou manifeste kont ou byen anfavè pouvwa a depi yo respekte prensip yo. Msye Jura ajoute lapolis dwe pwoteje non sèlman manifestan yo men tou byen ak pwopriyete prive popilasyon an.

Yon lòt kote, Depatman Sekirite Tèritoryal Etazini an -- ki responsab sèvis imigrasyon -- anonse, apati kòmansman ane 2015 la, Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Ayisyen yo (HFRP) genyen pou l antre ann aplikasyon. Nan kad pwogram sa a administrasyon ameriken an adopte, kèk ayisyen k ap viv ann Ayiti e ki gen yon demand rezidans ki apwouve ozetazini, pral elijib pou pwogram sa a k ap pèmèt yo vinn tann rezidans la Ozetazini, si yo manke anviwon 2 zan avan dat priyorite yo rive.

Anbasadè ameriken an an Ayiti, Pamela White, ansanm ak direktè Sèvis Imigrasyon ak Sitwayènte Etazini an (USCIS) Hichem Kefi te rankontre ak jounalis yo nan pòtoprens pou yo bay plis presizyon sou objektif pwogram nan.

Anbasadè White fè konnen moun k ap viv Ozetazini ilegalman pa elijib pou pwogram nan e se sèlman moun k ap viv ann Ayiti ki te gen yon demand rezidans ki apwouve ki kalifye, si yo manke anviwon 2 zan pou dat priyorite yo rive.

Selon direktè Sèvis Imigrasyon ak Sitwayènte Etazini an, Hichem Kefi, gen plis pase 100 mil ayisyen ki elijib pou pwogram nan, e selon tout prediksyon benefisyè yo kapab kòmanse antre Ozetazini apati mwa jiyè 2015.

Anfen, direktè ai Sant pou Kontwòl Maladi ak Prevansyon an (CDC), Kathy Middleton, fè konnen gouvènman ameriken an ap travay pou pote asistans bay otorite lasante ayisyen yo nan lit kont kolera a epi ede yo fè preparasyon pou sizoka epidemi Ebola ta antre ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG