Accessibility links

Breaking News

AYITI-JISTIS: Plent kont l'ONU pou Kolera a devan Yon Jij nan New York


Madam Jistis
Madam Jistis

Jij yon tribinal nan New York, Ozetazini, kòmanse tande plent avoka kap defann yon gwoup Ayisyen nan diaspora a ak nan peyi a, ki akize Oganizasoyn Nasyon Zini deske se manm misyon li an ann Ayiti, MINUSTAH, ki pote maladi kolera ann Ayiti. Ayisyen yo lonje dwèt sou kontenjan peyi Nepal ki nan misyon entènasyonal la deske se yo ki te lage matyè fekal yo nan Flèv Latibonit la ki fè epidemi an eklate nan peyi a.

Pleyan ayisyen yo rann Oganizasyon Nasyon Zini dirèkteman responsab pou sitiyasyon sa a e yo egzije reparasyon nan men òganizasyon mondyal la. L’ONU pa janm pran responsablite pou kriz sanitè a; e, kòm repons aprè avoka yo te pote plent nan tribinal Ozetazuni, òganizasyon an fè konnen li genyen iminite –donk, oken tribinal pa gen jiridiksyon pou jije l. Lèzetazini, kòm peyi kote jijman an ap dewoule a, apiye l’ONU nan pozisyon l nan. Washington di òganizasyon an genyen iminite total-kapital e li bay lide pou avoka kap defann Ayisyen yo pote afè a pito devan La Wot Kou Entènasyonal Jistis kòm enstans apwopriye pou tande ka a.

Nan mwa jiyè 2014 la, Sekretè Jeneral l’ONU an, Ban Ki-moon, te ale Pòtoprens kote li te pale ak sivivan yo e ak manm fanmi viktim pou l fè yo konnen li gen konviksyon tout kominote entènasyonal la –san bliye òganizasyon lap dirije a- “genyen yon devwa moral pou yo fè efò pou anpeche kolera gaye e bloke pwogrè li ann Ayiti.”

Mèt Beatrice Lindstrom se youn nan avoka kap defann koz gwoup ayisyen ki pote plent la. Aprè jij la te òganize seyans jedi 23 oktòb la nan New York, avoka Lindstrom pale ak laprès pou l di Nasyon Zini genyen sa li rele « yon obligasyon legal klè » pou l bay moun ki viktim yo reparasyon. Li di :

« Kesyon kap debat nan afè sa a, se kesyon pou konnen èske Nasyon Zini kapab ap travay pratikman nan enpinite lè li refize ofri okenn sòt de reparasyon pou viktim yo? »

Yon jou anvan seyans la, pòtpawòl Nasyon Zini an, Farhan Haq, te deklare l’ONU pap voye reprezantan li swiv deba yo nan tribinal la. Nasyon Zini fè konnen li travay pou amelyore kondisyon dlo, sanitasyon ak sante nan peyi d Ayiti. Daprè l’ONU, efò sa yo bay bon jan rezilta, paske kantite ka kolera yo sibi yon bès 75 pou san jounen jodi a pa rapò ak jan sa te ye sa gen 12 mwa.

Aprè maladi kolera te parèt ann Ayiti, li koze lanmò plis pase 8 mil 500 moun.

XS
SM
MD
LG