Ayiti ap òganize 4èm somè wo-nivo ayisyano/dominiken kote delegasyon yo pral abòde kesyon ki gen rapò ak komès, envestisman ak kèk lòt dosye tankou fason pou 2 peyi yo travay ansanm pou yo lite kont epidemi Ebola a sizoka li ta antre sou il Ispanyola a. Minis prezidans dominiken an, Gustavo Montalvo, ap prezide delegasyon peyi vwazen an k ap gen ladan n kèk lòt minis ak òm dafè ki pral eksplore posiblite pou yo envesti ann Ayiti. Premye Minis Laurent Lamothe ap gen ak li divès minis ak dirijan sektè komès ak endistri a. Reprezantan kominote entènasyonal la pral asiste rankont la k ap dewoule nan yon otèl nan Petion Ville tou pre kapital la, Pòtoprens.
Ayiti-Jistis :
Avoka militan André Michel anonse li pral relanse yon aksyon an jistis kont fanmi prezidansyèl la nan Kou Dapèl Pòtoprens la lendi 27 oktòb 2014 la. Yon lòt kote, Mèt Andre Michel fè konnen li pral rele devan lajistis polisye ki te gate manifestasyon opozisyon an te òganize nan Potoprens vandredi 17 oktòb 2014 la . Avoka militan an mande direktè Polis Nasyonal la, Godson Orelus, pou l soumèt lis polisye ki te la pou asire sekirite manifestan yo. Opozisyon an ap planifye 2 lòt manifestasyon: youn pou jedi 23 oktòb la pou mande liberasyon patizan ke fòs de lòd yo te arete pandan manifestasyon vandredi 17 oktòb la; epi yon lòt fikse pou dimanch 26 oktòb la, dat kote eleksyon lejislatif pasyèl yo te dwe dewoule, dapre yon arete prezidansyèl; patisipan nan 2èm manifestasyon sa a pral mande demisyon gouvènman Martelly-Lamothe la ki pase 3 zan san li pa òganize pyès eleksyon nan peyi a.
Anfen, Direction Générale des Impots (DGI) anonse distribisyon nouvo plak machin yo sou tout teritwa nasyonal la kòmanse depi 1 oktòb 2014 la e li pral fini 31 desanm. Direktè Jeneral DGI a, Morlan Muradin, di gen 450 mil plak ki disponib pou otomobil ak motosiklèt.