Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, deklare pa gen okèn akò pou Lèzetazini te fè yon echanj –okenn twokaj ban m , m a ba w-- pou Kore du Nò te libere sanzatann semèn sa a yon sitwayen ameriken ki te nan prizon nan peyi azyatik la. Non ameriken sa a se Jeffrey Fowle.
Kore di Nò pran desizyon brid-sou-kou pou l libere Misye Fowle e otorite ameriken yo pat pèdi tan pou yo anonse, madi 21 oktòb 2014 la, prizonye libere a te nan wout pou l antre Ozetazini kote li rive nan douvanjou jounen mèkredi 22 oktòb la.
Jeffrey Fowle te ale nan Kore du Nò avek yon viza touris e li te tonbe anba men lapolis peyi a sa gen 6 mwa aprè li te kite yon Bib nan yon bar-restoran. Fanmi li demanti nouvèl ki fè konprann kòmkwa li te vwayaje nan Kore di Nò pou l ranpli yon misyon evanjelik.
Pòtpawòl Depatman Deta a, Marie Harf, fè konnen Lèzetazini kontinye gen preokipasyon pou sekirite 2 lòt sitwayen ameriken ki rete toujou anba men otorite yo nan Kore di Nò.