Accessibility links

Breaking News

Yon Tranblemanntè 7.4 Frape Peyi Salvadò. Yon Moun Mouri.


Yon manm Lawwa Wouj nan Salvadò ap swiv yon ekran aprè yon tranblemanntè 7. 4 frape kòt pasifik peyi a. (Foto: REUTERS/Jose Cabezas).
Yon manm Lawwa Wouj nan Salvadò ap swiv yon ekran aprè yon tranblemanntè 7. 4 frape kòt pasifik peyi a. (Foto: REUTERS/Jose Cabezas).

Nan peyi Salvadò, yon moun pou pi piti mouri nan yon gwo tranblemanntè ki frape kòt peyi a byen ta lendi 13 oktòb 2014 la. Sèvis Jewolojik Lèzetazini an fè konnen soukous la te genyen yon fòs 7 pwen 4 e li frape kòt pasifik Salvadò sou yon distans 169 kilomèt o sidès kapital la, vil San Salvador ; pwofondè li se 70 kilomèt.

Wilfrido Salgado, majistra vil San Miguel kote moun te ka santi tranblemanntè a, fè konnen yon nèg pèdi lavi li aprè yon kab elektrik te kase epi sòt tonbe sou misye. Jiskaprezan nouvèl yo pa pale de dega ni lòt moun ki ta mouri. Otorite yo nan peyi Salvadò, Nikaragwa ak Ondiras, ki te lanse yon anvètisman anti-sounami aprè pasaj tranblemanntè a, rantre avètisman sa a.

XS
SM
MD
LG