Accessibility links

Breaking News

Prezidan Martelly Espere Rankontre 6 Senatè Opozisyon an Vandredi 3 Oktòb 2014 la


Prezidan Michel Martelly (foto achiv)
Prezidan Michel Martelly (foto achiv)

Vis Prezidan sena ayisyen a, Andris Riche, di li byen apresye seri konsiltasyon Prezidan Michel Martelly ap fè ak klas politik la nan objektif pou l jwenn yon solisyon pou kriz elektoral la. Senatè Grand Ans la ankouraje yon gwoup 6 senatè ki poze kondisyon pou yo vote sou amandman lwa elektoral la, pou yo patisipe nan konsiltasyon sa yo. Prezidan Martelly espere rankontre senatè sa yo vandredi 3 oktòb 2014 la "sou yon teren neutre." Nouvèl yo pa di si palmantè yo dakò pou yo pran kontak ak prezidan an; si wi, moun pa konnen si yo aksepte dat lidè ayisyen an pwopoze a.

6 pati politik --pami yo genyen Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la (MOPOD)-- fè konnen tèm diskisyon tout rankont yo ak Prezidan Michel Martelly dwe gen sou li kesyon ki gen rapò ak klima politik la. MOPOD mande, pa ekzanp, liberasyon prizonye politik yo, fòmasyon yon lòt Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) ki koresponn ak atik 289 Konstitisyon amande 1987 la, sètadi, antwòt, yon KEP ki gen ladan n reprezantan 9 sektè olye de reprezantan 3 pouvwa yo.

Nouvèl Ayiti - jedi 2 oktòb 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:56 0:00
Direct link

Senatè Moise Jean Charles --manm gwoup 6 senatè ki pa dakò jiskaprezan pou okenn vòt fèt sou amandman lwa elektoral la -- renmèt tout materyèl palman an te ba li kòm youn nan reprezantan Depatman Nò peyi a. Misye Jean Charles kritike 9 lòt senatè ki dispoze rete nan pòs yo apre 2èm lendi janvye 2015 si eleksyon lejislatif pasyèl yo pa dewoule anvan fen ane 2014 la. Senatè Nò a raple manda 2 tyè sena a ap fini nan dat 2èm lendi janvye 2015.

Yon lòt kote, gouvènman an nonmen 3 manm Komisyon Nasyonal Mache Piblik la (CNMP) pou yon manda 5an. Misyon CNMP a se regularize epi kontwole aktivite sou mache piblik la, tankou apèl dòf gouvènman an sou plan lokal ak entènasyonal.

Anfen, American Airlines ap inogire premye vòl komèsyal li nan direksyon Ayewopò Entènasyonal Hugo Chavez la nan vil Kap-Ayisyen jedi 2 oktòb 2014 la. Daprè sa laprès rapòte ann Ayiti, Prezidan Michel Martelly trouve l pami pasaje k ap fè vwayaj la soti Miami, nan Eta Florid, Ozetazni, pou ale nan 2èm pi gwo vil peyi d Ayiti a.

XS
SM
MD
LG