Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon Nan Pòtoprens Pou Komemore Anivèsè Koudeta Militè 1991 la


Ansyen prezidan ayisyen Jean-Bertrand Aristide (Foto achiv)
Ansyen prezidan ayisyen Jean-Bertrand Aristide (Foto achiv)

Patizan lidè Lavalas la, Jean Bertrand Aristide, manifeste madi 30 septanm 2014 la nan okzayon 23e anivèsè koudeta ki te kapote l sou pouvwa an 1991, kèk jou apre li te fin pran lapawòl devan Asanble Jeneral Nasyonzini an, nan Nouyòk, Ozetazini. Manifestasyon sa a ki rasanble plizyè santèn sipòtè msye Aristide, dewoule nan moman genyen yon manda lajistis k i pandye sou tèt èks-chèf Deta a e ki otorize fòs sekirite yo arete l apre li pat prezante pou l reponn kesyon jij Lamarre Belizaire pou l vinn reponn kesyon nan ankèt kap dewoule sou swadizan koripsyon, blanchiman lajan ak trafik dwòg pandan li te prezidan peyi Dayiti ant 2001 ak fevriye 2004.

Nouvèl Ayiti -Madi 30 Septanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:16:43 0:00
Direct link

Yon lòt kote, konsiltasyon ant prezidan Michel Martelly ak opozisyon an ap rapousib apre yon poz pou te pèmèt lidè ayisyen an al patisipe nan 69èm Asanble Jeneral Nasyonzini an nan New York. Pati Inite, ki di l ap patisipe nan konsiltasyon yo, vle pou rankont la gen ladann lòt sijè tankou retou lame Dayiti.

Sou plan ekonomik, Sena ayisyen an pa vote bidjè finans 2014-2015 la apre Premye Minis Laurent Lamothe, ki se an mèm tan Minis Planifikasyon, pat prezante pou l klarifiye kèk pwogram gouvènman an ap finanse. Minis finans la, Marie Carmelle Jean Marie, fè konnen gouvènman an ap pibliye bidjè a nan Jounal ofisyèl "Le Moniteur" 1e oktòb si senatè yo pa vote bidjè a avan fen delè 70 jou a.

XS
SM
MD
LG