Accessibility links

Breaking News

Apèl Prezidan Danilo Medina pou Kominote Entènasyonal la Ede Ayiti.


Prezidan dominiken an, Danilo Medina.
Prezidan dominiken an, Danilo Medina.

Prezidan dominiken an, Danilo Medina, te pran lapawòl mèkredi 24 septanm 2014 la nan 69èm sesyon Asanble Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an nan New York kote li devlope vizyon li pou peyi li, pou lemond e pou relasyon Repiblik Dominikèn ak lòt nasyon yo. Misye Medina –ki te gen kèk mo espesyal pou rapò peyi li ak Repiblik d Ayiti--- atire atansyon sou sitiyasyon plizyè dizèn milye imigran dorijin ayisyèn kap viv san okenn pyès didantite sou tè dominiken. Prezidan Medina di delege mondyal yo:

«Yon epòk tou nèf kòmanse nan relasyon ant Repiblik Dominikèn ak Ayiti. Nan nouvèl etap sa a, nou ta remmen konte sou kout-men kominote entènasyonal la. Youn nan aksyon prensipal nou lanse pou n kapab kore souverènte dominikèn nan e garanti dwa tout moun kap viv sou tèritwa nou an, se bay tout moun sa yo dokimantasyon yo dwe genyen. Tankou nou konn sa deja, anpil nan moun sa yo se ayisyen. E pou nou garanti estati yo sou tè dominiken an, yo dwe genyen dabò pyès didantite ke peyi dorijin yo ba yo ; men malerezman yo pa genyen dokiman sa yo. »

Lidè dominiken an rekonèt efò otorite ayisyen yo ap fè pou yo lonje men bay konpatriyòt ki nan sitiyasyon sa a nan peyi Panyòl epi fè yo jwenn dokiman ki prezante yo kòm sitwayen ayisyen. Misye Medina lanse yon apèl klè bay kominote entènasyonal la pou mande li ede Ayiti nan efò sa a.

« Ayiti ap fè efò pou l asiste segman sa a nan popilasyon an epi fè l jwenn dokiman ki rekonèt yo kòm sitwayen peyi d Ayiti. Sepandan, resous teknik e ekonomik Ayiti se resous ki limite. Nan le pase, yon seri de òganism ak peyi etranje te montre kè-sote yo pou sitiyasyon imigran ayisyen sa yo. Se yon kè-sote nou pataje pou rezon imanitè e paske sa afekte nou kòm prensipal peyi ki resevwa yo. Poutèt sa, pèmèt mwen di moman aktyèl la, se moman pou n kite pawòl epi pase nan aksyon. Avèk aksyon konkrè e ki fè sans, kominote entènasyonal la kapab gen yon gwo enpak, yon enpak dirab sou lavi moun sa yo… Silvouplè, ede Ayiti. »

Nap raple chèf deta dominiken an lanse apèl sa a mèkredi 24 septanm 2014 la nan yon mesaj li mete devan 69èm sesyon Asanble Jeneral l'ONU an kap dewoule nan New York. Prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly, pral pran lapawòl devan delegasyon mondyal yo nan aprè-midi jounen vandredi 26 septanm nan.

XS
SM
MD
LG