Accessibility links

Breaking News

Patisipasyon Prezidan Martelly nan Asanble Jeneral Nasyonzini an


Prezidan ayisyen an, Michel Martelly (foto achiv)
Prezidan ayisyen an, Michel Martelly (foto achiv)

Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, twouve l nan New York kote l ap patisipe nan 69èm asanble jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an. Misye Martelly, ki gen pou l pran lapawòl devan delege mondyal yo vandredi 26 septanm nan, pral mete aksan sou pwoblèm rejyonal tankou trafik dwòg, sekirite nan lemond ak òganizasyon eleksyon ann Ayiti.

Avan Prezidan Martelly te kite Pòtoprens, li te patisipe nan yon 2ème jounen konsiltasyon ak klas politik la; apre sa li fè konnen li dispoze rankontre nenpòt kote e nenpòt ki lè ak gwoup 6 senatè opozisyon an ki pat patisipe nan premye seri konsiltasyon yo. Se yon fason pou lidè ayisyen an fè referans ak refi senatè sa yo pou yo patisipe nan yon rankont ki dewoule nan palè nasyonal la.

Nouvèl Ayiti -Mèkredi 24 Septanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:12:12 0:00
Direct link

Enold Joseph, Sekretè Jeneral Konfederasyon Inite Demokratik yo, ki te rankontre ak chèf deta a, pwopoze pou ta gen yon eleksyon jeneral an oktòb 2015. Pwopozisyon sa a non sèlman prevwa pou depite yo ak senatè yo konplete manda yo apati de dat yo te prete sèman an, men tou li ta ka evite yon vid enstitisyonèl an janvye 2015 si eleksyon lejislatif pasyèl yo pa dewoule anvan fen ane 2014 la.

Sekretè jeneral Pati Fusion Socio-Democrates yo, Rosemond Pradel, di pati a pap patisipe nan seri konsiltasyon prezidan Michel Martelly lanse a paske pouvwa egzekitif pa bay yon kalandriye pou kontak sa yo, ni li pa eksplike vrè objektif rankont yo. Misye Pradel, menm jan ak kèk lòt lidè opozisyon an, fè konnen Prezidan Martelly ap fè konsiltasyon sa yo "pou l enpresyone kominote entènasyonal la."

Anfen, prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP), Max Mathurin, retounen nan travay apre anviwon yon mwa absans pou rezon sante. Konseye elektoral Pierre Simon George, ki rankontre ak laprès, bay detay sou etap enstitisyon elektoral la déjà franchi sou wout òganizasyon pwochen eleksyon yo.

XS
SM
MD
LG