Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta John Kerry ap Kontinye yon Toune 8 Jou nan Mwayen Oryan an


(De goch a dwat) Minis Afè Etranjè peyi Lejip, Kowèt, Arabi Sawoudit, Lèzetazini (John Kerry), Oman, Bahrain ak Liban poze pou yon foto nan tèminal wayal ayewopò entènasyonal Wa Abdulaziz la nan vil Jeddah a, nan Arabi Sawoudit (Foto: 11 septanm 2014).
(De goch a dwat) Minis Afè Etranjè peyi Lejip, Kowèt, Arabi Sawoudit, Lèzetazini (John Kerry), Oman, Bahrain ak Liban poze pou yon foto nan tèminal wayal ayewopò entènasyonal Wa Abdulaziz la nan vil Jeddah a, nan Arabi Sawoudit (Foto: 11 septanm 2014).

Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, twouve l nan peyi Tuki kote lap ranfòse efò Lèzetazini ap deplwaye pou l bati yon kowalisyon elaji kont Group Eta Islamik la. Pandan negosyasyon otorite tuk yo fè vandredi 12 septanm 2014 la avèk chèf diplomasi amerikèn nan, yo refize andòse plan global Lèzetazini mete sou pye pou elimine militan islamik yo.

Byen bonè nan jounen jedi 11 septanm nan, minis 10 peyi arab te rankontre ak Sekretè Deta a nan vil Jeddah, nan Arabi Sawoudit, kote yo te pran angajman pou yo pote-kole ak Washington pou yo patisipe nan egzekisyon plan li genyen pou l detwi Gwoup Eta Islamik la. Tout swit aprè rankont la, Misye Kerry te pale ak laprès pou l di :

« Peyi arab yo ap jwe yon wòl esansyèl nan kowalisayon sa a. An fèt, yap jwe yon wòl lidè nan tout nivo efò sa a: yap bay apui militè, yo ofri asistans imanitè, yap apiye travay nap fè pou n bloke sikilasyon lajan ilegal ki pral jwenn Gwoup Eta Islamik la ak deplasman konbatan etranje gwoup la bezwen pou l kontinye fonksyone. E, san di pètèt, yap apiye efò ki sou pye pou dejwe tantativ danjre e derespektan gwoup la ap fè pou l chanje doktrin Islam nan ak pwopagann manti lap pwopaje nan rejyon an e nan lemond. »

Peyi ki fè pati sa yo rele « Konsèy Kowoperasyon Gòlf la », mete sou Lejip, Irak, Lajòdani ak Liban fè konnen yo rete ini kont tout menas teworis yo poze nan rejyon an.

Analiz ak kòmantè Pwofesè Robert Bénodin sou Estrateji Obama kont Gwoup Eta Islamik la
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:45 0:00
Direct link

Pou n konprann poukisa otorite ameriken yo -avèk Prezidan Barack Obama e Sekretè Deta Kerry an tèt- pale klè pou yo di ki estrateji yo pral itilize kont Gwoup Eta Islamik la, nou pale ak pwofesè e analis politik Robert Benodin pou n mande l si anons klè sa yo pap elimine tout « effet de surprise » e pèmèt lennmi gen tan pou l prepare kontratak li epi dejwe estrateji a. Repons kesyon sa yo fè pati analiz ak kòmantè Misye Bénodin fè pou Sèvis Kreyòl Lvwadlamerik la, nan mikwo Lyonel Desmarattes, sou mesaj Prezidan Obama mete devan pèp ameriken an ak lemond, nan sware mèkredi 10 septanm 2014 la, sou plan li genyen pou l ale dèyè militan islamik yo.

XS
SM
MD
LG