Accessibility links

Breaking News

Opozisyon an Aksepte Envitasyon Egzekitif la pou yon Rankont sou Kriz Elektoral la


Mirlande Manigat, lidè RDNP, youn nan lidè opozisyon an ki aksepte envitasyon Prezidan Martelly a (Foto achiv)
Mirlande Manigat, lidè RDNP, youn nan lidè opozisyon an ki aksepte envitasyon Prezidan Martelly a (Foto achiv)

Ann Ayiti, kèk sektè nan opozisyon an byen akeyi envitasyon Prezidan Michel Martelly pou yo fè dyalòg separe nan kad rechèch kap fèt pou jwenn yon solisyon pou kriz elektoral la. Envitasyon an di pouvwa egzekitif la dizpoze rankontre ak lidè opozisyon an, gwoup 6 senatè ki pa dakò jiskaprezan pou yo vote sou amandman lwa elektoral la, epi dirijan sosyete sivil la. Pòt pawòl prezidans la, Lucien Jura, di pouvwa egzekitif la gen pou l anonse dat rankont yo ak pwen ki pral sou kalandriye diskisyon yo.

Sekretè Jeneral Rassemblement des Democrates Nationaux Progressistes, RDNP, Mirlande Manigat, se youn nan lidè opozisyon an ki manifeste enterè pou yo patisipe nan dyalòg sa a ak prezidan ayisyen an. Konferans Episkopal la ak Sosyete Sivil la pwopoze pou yo sèvi kòm entèmedyè nan chita-pale sa yo.

Nouvèl Ayiti - jedi 11 septanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:26 0:00
Direct link

Plizyè sektè reyaji apre jij enstriktè Lamarre Belizaire pran desizyon pou l mete an rezidans siveye ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide. Mèt Belizaire pran desizyon sa a nan moman lidè pati Fanmi Lavalas la gen yon manda darè dèyè l apre li pat prezante devan jij la pou l reponn akizasyon deske li te mele nan koripsyon, blanchiman lajan ak trafik dwòg pandan li te sou pouvwa a ant 2001 e 2004. Yon gwoup moun, ki prezante tèt yo kòm patizan lidè Pati Fanmi Lavalas la, mobilize devan rezidans prive misye Aristide la nan Tabarre, tou pre anbasad amerikèn nan.

Jedi 11 septanm 2014 la fè 26 an depi nèg ame te atake legliz Sen Jean Bosco, nan Pòtoprens, kote pè Jean Bertrand Aristide t ap selebre yon mès nan lane 1988. Yon lòt kote, 11 septanm 2014 la make 21èm anivèsè asasina komèsan Antoine Izméry devan Legliz Sakre-Kè a, toujou nan Pòtoprens, anba men nèg ame ki t ap apiye rejim militè ki te gen nan tèt li jeneral Raoul Cédras. Misye Izméry te yon patizan Prezidan Jean Bertrand Aristide ki te ann ekzil nan moman asasina a te fèt la an 1993.

Toujou nouvèl konsènan Peyi d Ayiti: Gouvènman an dispoze 2 milyon 500 mil goud pou reyalizasyon 10èm edisyon pwogram « Gouvènman Lakay Ou » ki pral dewoule sou il Lagonav samdi 13 septanm 2014 la.

Anfen, responsab Ladwan yo anonse y ap vann a la kriye piblik plis pase 200 machin yo te sezi ki t ap fè kontrebann pandan 6 mwa ki pase yo. Vant sa a ap fèt samdi 20 septanm nan, dapre yon anons responsab yo fè.

XS
SM
MD
LG