Accessibility links

Breaking News

Prezidan Michel Martelly Dispoze Rankontre Opozisyon an ak Sosyete Sivil la


Mirlande Manigat yon lidè nan opozisyon an
Mirlande Manigat yon lidè nan opozisyon an

Ann Ayiti prezidan Michel Martelly dakò pou l chita dyaloge ak gwoup 6 senatè yo, pati nan opozisyon an ak sosyete sivil la nan jefò pou debloke kriz politik la. Pòt pawòl prezidans la, Lucien Jura, si pouvwa egzekitif la gen pou l anonse dat, ajanda ak kote rankont la pral dewoule. Anons sa a fèt yon semen apre sosyete sivil la te pwopoze tè li kòm medyatè nan 3èm dyalòg ant pwotagonis yo.

Gwoup 6 senatè, ki te boykote yon rankont ak pouvwa ekzekitif la semen pase a, déjà rankontre ak opozisyon an pou prepare yon « Feuille de Route » pou diskite ak lidè ayisyen an.

Nouvèl Ayiti -Mèkredi 10 Septanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:05 0:00
Direct link

Premye Minis Laurent Lamothe ak minis Edikasyon Nasyonal la Nesmy Manigat distribye materyèl eskolè nan plizyè etablisman piblik nan kapital la. Chèf gouvènman an di gouvènman an pran angajman pou ede paran ki gen pwoblèm ekonomik.

Yon lòt kote, otorite yo ap ankete sou koz aksidan yon machinn transpò piblik tou pre vil tigwav kote plis pase 23 moun mouri ak plizyè dizèn lòt blésé madi 9 septanm nan.

Anfen, Ofis Administratif ak Resous Zumèn òganize yon atelye travay 2 jou pou amelyore fason kontra òganis leta yo distribye.

XS
SM
MD
LG