Accessibility links

Breaking News

Palman Ayisyen an Mete Fen nan 49èm Lejislati a nan Mitan yon Kriz Politik


Manm Sena Ayisyen an pandan yon seyans (Foto achiv).
Manm Sena Ayisyen an pandan yon seyans (Foto achiv).

Ann Ayiti, palman an fèmen 49èm lejislati a ak yon bilan mens nan yon seyans ki te reyini manm tou lè 2 chanm yo. Prezidan asanble nasyonal la, Senatè Dieuseul Simon Desra, rann pouvwa ekzekitif la responsab kriz politik peyi a ap travèse depi kèk tan kote pwosesis elektoral la bloke e pa gen okenn siyn ki ta montre ki lè eleksyon pral dewoule nan peyi a. Senatè Desra, ki te pran lapawòl nan okazyon fèmti lejislati a, di otorite yo nan pouvwa egzekitif la pase 3an san yo pa pran okenn dispozisyon pou fasilite òganizasyon eleksyon e li kritike anpil pwogram sosyal gouvènman an.

Nouvèl Ayiti -Madi 09 Septanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:12:54 0:00
Direct link

Yon lòt kote, plizyè manm gouvènman an distribye founiti klasik nan plizyè lekòl nan okazyon ouvèti lekòl la lendi 8 septanm nan. Nouvèl yo fè konnen kèk elèv pat prezante nan sal de klas yo pou rezon ekonomik.

Vis Prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Jacqueline Patricia Chantal Raymond, tounen nouvo prezidan pwovizwa KEP a nan plas Max Mathurin ki malad. Korespondan nou Orpha Dessources di nou konseye elektoral yo deziye Madam Raymond pou pòs la ak yon vòt 8 sou 9 e chwa sa a repoze sou atik 18 règleman entèn Konsèy Elektoral la.

Responsab Kolektivite Teritoryal nan 4 depatman ki fòme Gran Sid la, reyini nan vil Jakmèl (Sidès) nan okazyon yon seminè sou fason pou pwoteje popilasyon an kont yon dezas natirèl. Se Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo ki patwone seminè sa a an kolaborasyon ak Gad Nasyonal Eta Louizyàn.

Anfen, nan Plato Santral la, responsab yon prizon lanse apèl bay otorite santral yo pou l mande yo fini konstriksyon yon prizon sivil nan depatman an pou pèmèt prizonye yo gen plis espas a la dispozisyon yo.

XS
SM
MD
LG