Premye minis ayisyen an, Laurent Salvador Lamothe, bay Sèvis Lavwadlamerik la yon entèvyou kote li touche anpil pwen nan aktyalite politik ann Ayiti li. Pandan yon bon pati nan rankont la, Misye Lamothe konsantre atansyon li sou kriz elektoral la e li lonje dwèt sou kèk sektè ki, daprè li, kanpe ankwa devan tout pwogrè pwosesis la.
Pami lòt pwen chèf gouvènman an abòde yo, genyen :
-Ekonomi ayisyèn nan kote, daprè nouvèl yo, otorite yo ta va ap konsidere posiblite pou yo ogmante pri gaz la avèk konsekans yon desizyon konsa kapab genyen sou divès sektè nan ekonomi nasyonal la –tankou sektè transpò piblik la;
-Pwogram sosyal gouvènman an, tankou pwogram lekòl gratis tri cheri a, distribisyon liv ak kit skolè ki deja kòmanse;
-Plan gouvènman (si plan konsa egziste) pou pwogram sosyal yo pa disparèt avèk fen manda Prezidan Michel Martelly a.
Lyonel Desmarattes, ki reyalize entèvyou a avèk Misye Lamothe, mande premye minis la fè limyè sou pawòl kap sikile kòmkwa Prezidan Martelly ta deja ap apiye yon posib kandidati Laurent Lamothe nan pwochen eleksyon prezidansyèl yo.