Accessibility links

Breaking News

Ayiti:Echèk Pwopozisyon Rankont ant Prezidan Michel Martelly ak Gwoup 6 Senatè yo


Igihugu ca Mali nico cabaye igihu c' umunani mubizokina igice ca kane gishira icanyuma, Mali ikaba ibikesha inota rimwe yakuye murukino rwayihuje na Zambiya.
Igihugu ca Mali nico cabaye igihu c' umunani mubizokina igice ca kane gishira icanyuma, Mali ikaba ibikesha inota rimwe yakuye murukino rwayihuje na Zambiya.

Rankont pouvwa ekzekitif la te sipoze fè lendi 1 septanm nan ak 6 senatè yo sou amandman lwa elektoral la ak aplikasyon atik 289 konstitisyon 1987 la e sou itilizasyon atik 12 akò politik El Rancho a pa rive fèt apre gwoup senatè sa yo pat prezante. Gwoup G-6 la vle pou prezidan Martelly rankontre tou ak opozisyon an apre li va rankontre ak 6 pati opozisyon ki pat patisipe nan negosyasyon akò El Rancho a.Yon demand msye Martelly aksepte. Senatè yo reklame pou rankont la dewoule yon lòt kote olye nan Palè Nasyonal. Sepandan, Prezidan Michel Martelly te rankontre kanmèm ak prezidan sena a, Dieuseul Simon Desra. 2 lidè yo pran angajman pou fasilite deblokaj kriz la.

Medyatè prensipal dokiman El Rancho a, Kadinal Chibly Langlois, ankouraje aktè yo chita ansanm pou jwenn yon antant yon fason pou kriz la kapab jwenn yon solisyon.

Nouvèl Ayiti -Madi 2 Septanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:44 0:00
Direct link

Yon lòt kote, minis Edikasyon Nasyonal la, Nesmy Manigat, anonse gouvènman an kòmanse distribye liv madi 2 septanm nan nan kad ouvèti lekòl la ki fikse pou lendi 8 septanm nan tout peyi a. Kèk paran mande ministè a pou ranvwaye ouvèti lekòl la pou yon lòt dat akoz sitiyasyon ekonomik la.

Antretan, peyi Japon siyen yon akò 300 mil dola ak konpayi Miyamoto Global Disaster Relief pou ranfòse kont tranblemann'tè strikti yon lise nan Site Solèy.

Anfen, seksyon jeni Misyon Nasyonzini pou Stabilize Ayiti poze premyè pyè konstriksyon Meri vil Kay-Jakmèl nan kad yon pwogram asistans.

Telechaje pou n tande nouvèl madi 2 septanm 2014 la.

XS
SM
MD
LG