Ozetazini, plizyè milye moun genyen pou asiste, lendi 25 out la nan vil St-Louis, nan Eta Missouri ki nan santwès peyi a, seremoni entèman Michael Brown, yon jenn gason nwa ki potko gen 20 tan, ki te san zam, e ki te mouri anba bal yon polisye blan pi bonè mwa sa a. Jenn gason sa a, ki te gen 18 tan, te tonbe anba kout revolvè polisye Darren Wilson pandan yo te gen yon konfwontasyon nan vil Ferguson nan dat 9 out pase a. Seremoni antèman an pral dewoule anba gwo pwoteksyon lapolis ki pran dispozisyon pou anpeche zak vyolans rekòmanse. Nan 2 zou 3 jou ki pase yo, vil Ferguson retwouve kalm ak trankilite li aprè preske 2 semèn kote gwo dezòd te dewoule.
Yon kantite lidè dwa sivik genyen pou patisipe nan sèvis la –pami yo nou jwenn Reveran Al Sharpton ki pral prezante orezon finèb la. 3 ofisyèl La Mezon Blanch pral asiste seremoni an -pami yo genyen Broderick Johnson, direktè yon komite espesyal ki la pou kreye antant ak kowoperasyon ant diferan gwoup etnik yo, avèk Marlon Marshall ak Heather Foster, 2 ofisyèl nan biwo La Mezon Blanch ki la pou devlope rapò ant gouvènman an ak piblik la.
Gen anpil vèsyon diferan kap sikile sou jan Michael Brown mouri a. Daprè lapolis, se li menm ki te pwovoke polisye Darren Wilson; sepandan, kèk temwen pale pou di pat gen okenn pwovokasyon e Michael te pare pou l rann tèt li lè polisye a te ouvè koutzam sou li epi touye li.