Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Ayisyen an Ankouraje Sena a Amande Lwa Elektoral la


Premye Minis Laurent Lamothe pandan yon entèviou nan Lavwa Dlamerik (Foto achiv)
Premye Minis Laurent Lamothe pandan yon entèviou nan Lavwa Dlamerik (Foto achiv)

Premye Minis ayisyen an, Laurent Lamothe, ankouraje gwoup 6 senatè yo patisipe nan seyans gran kò a ap fè pou amande lwa elektoral la pou eleksyon ka dewoule nan fen ane a. Chèf gouvènman an ki t ap vizite vil Kapayisyen an, lendi 18 out 2014 la, di gouvènman an deja bay enstitisyon elektoral la 14 milyon dola pou eleksyon yo.

Konseye elektoral Nehemie Joseph, bò kote pa l, di enstitisyon elektoral la bezwen lòt sibvansyon si eleksyon dwe fèt jan yo prevwa l la nan fen ane 2014. Kèk sektè nan opozisyon an ak nan sosyete sivil la kwè kantite tan sa mande pou prepare eleksyon yo mete sou lwa elektoral la ki poko amande rann li difisil pou yo respekte delè fen ane a.

Nouvèl Ayiti - Madi 19 out 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:11:38 0:00
Direct link

Sipòtè ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide kontinye mobilize pou fòse jij Lamarre Belizaire anile manda arestasyon li lanse dèyè lidè Fanmi Lavalas la ki anba akizasyon koripsyon, trafik dwòg ak blanchiman lajan pandan li t ap dirije peyi a ant 2001 a 2004. Jij Belizaire ap mennen ankèt sou dosye sa a ki vize plis pase 30 pwòch Pati Fanmi Lavalas la.

XS
SM
MD
LG