Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan: Nouvo Seselfe ant Izrayèl ak Hamas.


Yon nouvo seselfe ant Izrayèl ak Hamas sanble ap kenbe malgre kèk echanj koutzam ki fèt nan nuit la. Mèkredi 13 out 2014 la, 2 pati yo te mete yo dakò pou yo pwolonje pandan 5 jou trèv yap obsève nan batay yo, de kwa pou yo kapab bay negosyasyon kap dewoule anba lobedyans peyi Lejip, yon chans pou yo debouche sou yon akò ki ta kapab mete fen nan yon konfli ki la depi yon mwa. Azzam al-Ahmed se prezidan delegasyon palestinyèn nan nan negosyasyon yo kap fèt nan vi Lekèr. Li deklare:

“Nou antann nou sou pi fò nan pwen yo, menmsi nou gen pou n pote kèk detay pa si, pa la. Genyen detay ki gen rapò ak sekirite, kèk lot gen rapò ak konstriksyon sou tèritwa yo ak nesesite pou Izrayèl leve anbago a. Mwen pa kapab ban nou plis detay pase sa.”

Aprè 2 kan yo te dakò pou yo obsèbe yon pwolongasyon nan seselfe a, Izrayèl fè konnen anpil kout-wokèt te sòti nan Gaza pou tonbe sou tèritwa li nan nuit la, e lame Izrayèl te reponn kif-kif ak kèk atak aviyasyon li lanse. Men, tout bagay te fini anvan solèy leve. Mark Regev se pòtpwòl premye minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu. Misye Regev fè konnen:

“Izrayèl aksepte pwolongasyon seselfe a. Se depi o-kòmansman nou te dakò pou n pwolonje seselfe a san kondisyon. Pwoblèm nan sete toujou Hamas; se yo menm ki toujou ap vini ak yon eleman-sipriz; yo deja vyole ou rejte 10 pwopozisyon seselfe, e nou wè sa ankò pandan nan nuit la.

Depi kòmansman mwa jiyè pase a, anviwon mil 950 palestinyen pèdi lavi yo nan Gaza –pi fò nan yo se sivil- tandiske 67 sitwayen izrayelyen mouri -pi fò nan yo se sòlda.

XS
SM
MD
LG