Accessibility links

'Eleksyon Pa Posib ann Ayiti ann Oktòb 2014', daprè Konsèy Elektoral Pwovizwa a

  • Jean Robert Phillipe

CEP LOGO

Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP a) ekri Prezidan Michèl Martelly yon lèt kote manm KEP di li enposib pou eleksyon lejislatif pasyèl yo dewoule nan dat 26 oktòb 2014 la pou rezon teknik e materyèl. Konseye elektoral yo fè anons sa malgre yon dekrè prezidansyèl te deja konvoke pèp la nan eleksyon pou dat 26 oktòb la. Manm KEP a, ki te reyini lendi 11 oktòb 2014 la, anons sa a repoze, antwòt, sou le fèt ke konsèy la poko menm genyen yon kad legal pou l ranpli misyon li. Konseye Nehemie Joseph fè konnen enstitisyon an pa kapab fikse yon nouvo dat pou eleksyon yo toutotan sena a pa amande lwa elektoral la.

Sa pa gen lontan Prezidan Michel Martelly te deklare gouvènman an pran tout dispozisyon ki nesesè pou eleksyon yo dewoule nan dat 26 oktòb 2014 la. Lidè ayisyen an te rejte akizasyon ki vle rann pouvwa egzekitif la responsab si eleksyon pa dewoule nan peyi a depi 3 lane.

Sekretè Jeneral Adjwen Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), Anbasadè Albert Ramdin, kap patisipe nan yon somè kiltirèl ann Ayiti, fè konnen aktè politik ayisyen yo dwe travay ansanm pou yo rezoud kriz politik la epi antann yo sou yon dat pou eleksyon yo dewoule. Daprè Misye Ramdin, pozisyon òganizasyon rejyonal la pa chnaje: sè ke eleksyon dwe dewoule nan peyi a anvan fen ane 2014 la pou evite pwoblèm enstitisyonèl ki kapab poze apati 2èm lendi janvye 2015.

Senatè Francisco Dela Cruz (OPL), ki tap reyaji sou anons KEP a fè pou l di eleksyon yo pa posib nan dat 26 oktòb pwochen an, kwè li nesesè pou pati konsène yo retounen bò tab negosyasyon an ak medyatè Akò El Rancho a, Kadinal Chibly Langlois, pou eseye elimine obstak ki sou chemen òganizasyon eleksyon yo. Senatè Depatman Sant la di gwoup 6 palmantè (Chanm Wòt la) ki poze kondisyon pou yo vote an favè amandman lwa elektoral la, dwe reflechi sou responsablite ki pral tonbe sou do yo si eleksyon yo pa dewoule 26 oktòb la.

Yon lòt kote, Direksyon Polis Jidisyè a (DCPJ) anonse lendi 11 out la lansman yon ankèt sou evazyon plis pase 300 moun ki te nan prizon sivil Kwa dè Boukè a dimanch 10 Out la. Pami evade yo genyen òm dafè Clifford Brandt. Brandt te tonbe anbamen otorite yo an Oktòb 2012 anba akizasyon deske li ta mele nan kidnaping ak asosyasyon de malfetè. Lapolis ofri yon milyon goud pou enfòmasyon ki ede otorite yo remete men sou Brandt ak lòt mawonyè yo.

Nan Òrlando, nan Eta Florid, patizan Fanmi Lavalas yo konsidere kòm yon pèsekisyon politik desizyon lajistis pran pou l enpoze yon entèdiksyon depa sou plis pase yon trantèn lidè (aneyen ak nouvo) pati a, mete sou manm ak patizan, ann atandan otorite yo fè limyè sou akizasyon desle yo tamele nan koripsyon ak detounman fon piblik pandan Jean Bertrand Aristide te sou pouvwa a ant 2001 a 2004.

Batonye lòd avoka yo nan Pòtoprens, Carlos Hercules, fè konnen pa gen lwa ki bay yon jij dwa pou l mete endiksyon vwayaj kont yon sitwayen. Mèt Hercules di sitwayen ki santi dwa yo menase dwe chache konkou avoka pou defann dwa yo. Daprè batonye a toujou, desizyon Jij Lamarre Belizaire pran pou l relouvri dosye koripsyon kònt pwòch Pati Fanmi Lavalas yo, se yon desizyon sispèk poutèt li relanse dosye a pandan yon periòd elektoral. Corlos Hercules ajoute moun ki gen non yo mele nan dosye pa ta dwe rete ap di sèlman desizyon an gen motif politik deyè li; men yo gen obligasyon pou yo atake aspè legal ankèt la, sa vle di prezante devan jij enstriksyon an epi reponn kesyon li gen pou yo.

Pwogram “Futurs Leaders d’Haiti” administrasyon Martelly/Lamothe la te lanse nan fen mwa jen 2014 la, rive nan bout li. Pwogram sa a te pèmèt 7 ayisyen vwayaje pou yo fè estaj nan anbasad ayisyèn nan ak diferan òganizasyon entènasyonal nan Washington, tandiske 6 manm dyaspora a t al fè estaj nan administrasyon piblik la ann Ayiti. Anbasadè ayisyen an nan Washington, Paul Altidor, swete 2èm pati pwogram sa a, ki pral dewoule ann 2015, bay reprezantan dyaspora a yon okazyon pou yo fè estaj nan sektè prive a ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG