Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Jistis: Entèdiksyon Depa kont 30 Lidè ak Pwòch Pati Fanmi Lavalas


Ansyen Prezidan ayisyen Jean-Bertrand Aristide (Foto achiv)
Ansyen Prezidan ayisyen Jean-Bertrand Aristide (Foto achiv)

Plis pase 30 lidè ak pwòch pati Fanmi Lavalas tonbe anba yon entèdiksyon ki anpeche yo kite peyi a ann atandan lajistis fè limyè sou akizasyon deske y mele nan koripsyon, trafik dwòg ak detounman fon piblik k ap peze sou do yo. Yo ta poze ak sa yo ant 2001 e 2004, ane kote ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide te sou pouvwa a.

Desizyon lajistis la pwovoke reyaksyon Mèt Jean Henry Ceant, ansyen kandida pou pòs prezidan an, ki di li konsidere desizyon sa a kòm yon pèsekisyon politik. Pami non ki sou lis entèdiksyon depa a, gen ansyen chèf polis nasyonal la, Jean Nesly Lucien, ak Oriel Jean, manm sekirite rapwoche ansyen prezidan an. Daprè kèk medya ann Ayiti, otorite lajistis yo pibliye yon 2èm lis kote yo ajoute non Misye Aristide ak ansyen Premye Minis Yvon Neptune.

Yon responsab pati Fanmi Lavalas konsidere desizyon lajistis la kòm yon mannèv pou ekate pati a sou sèn politik la nan moman peyi a ap pare pou l òganize eleksyon. Selon responsab la, avoka Pati Fanmi Lavalas yo deja panche yo sou dosye a.

Yon lòt kote, konseye elektoral Néhémie Joseph fè konnen li enposib pou eleksyon lejislatif pasyèl yo dewoule nan dat 26 oktòb 2014 la, jan akò politik El Rancho a prevwa l. Mèt Joseph di KEP a ap travay ak yon komisyon senatoryal sou kèk atik yo ta renmen ajoute nan pwojè amandman lwa elektoral la.

Nan Washington, reprezantan Zanmi Ayiti yo, diplomat peyi ki nan emisfè oksidantal la ak chèf sivil Misyon Nasyonzini pou Estabilizasyon Ayiti a ( MINUSTAH), Sandra Honoré, te reyini nan katye jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) pou yon dyalòg sou evolisyon sitiyasyon jeneral la nan peyi karayib la.

Asistan Sekretè Jeneral ol'OEA aa, Anbasadè Albert Ramdin, ki atire atansyon sou lefèt ke eleksyon senatoryal pasyèl yo te dwe dewoule nan peyi a depi lontan, lanse apèl bay sena a pou mande l vote pwojè amandman lwa elektoral la nan enterè demokrasi ak devlopman ekonomik. An menm tan tou, Msye Ramdin mande aktè politik yo travay ansanm pou yo rezoud yon seri de pwoblèm enpòtan peyi a ap konfwonte.

Reprezantan Ayiti nan l’OEA a, anbasadè Bocchit Edmond, ki te pran lapawòl nan okazyon an, repete angajman gouvènman an pran pou l travay ak tout sektè pou garanti peyi a kontinye anrejistre kwasans ak pwogrè.

XS
SM
MD
LG