Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal Bertha Tounen yon Ouragan Pandan l ap Mete Tèt sou Kòt-Ès Lèzetazini


Kat Rejyon Karayib la
Kat Rejyon Karayib la

Tanpèt twopikal Bertha pran fòs pou l tounen yon ouragan nan moman mete tèt sou kòt Ès Etazini apre li fin vide lapli ak gwo van sou plizyè peyi nan Karayib la. Lapli tonbe ann Ayiti, menmsi tanpèt la pa pase sou peyi a dirèkteman.

Yon lòt kote, Pati Fizyon Sosyo Demokrat yo fè konnen l ap travay ak lòt pati ak regwoupman politik pou yo pwopoze yon solisyon pou kriz politik peyi a ap travèse a. Dirijan pati a, Edmonde Supplice Beauzile, fè anons sa a kèk jou apre sena a pat kapab jwenn kowòm pou l fè deba sou amandman lwa elektoral la.

Pastè Edouard Paultre, responsab Konsèy Nasyonal Aktè Non-Etatik yo (CONANE), yon gwoup nan sosyete sivil la, kritike gwoup 6 senatè ki refize rankontre ak kòlèg yo pou yo fè deba sou amandman lwa elektoral la. Daprè Misye Paultre, gwoup senatè sa yo dwe pare pou yo pran responsablite yo si peyi a tonbe anba dikta kominote entènasyonal la.

Vis Konsil ameriken nan Pòtoprens, Aaron Burge, pote presizyon sou pwoblèm ki poze depi kèk jou deja kote anbasad la gen difikilte pou l livre viza bay sitwayen ayisyen ki deja jwenn apwobasyon USCIS (Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Lèzetazini). Vis Konsil la mande tout moun ki gen rande vou pou yo prezante nan konsila a nan lè ak jou rande vou a, annatandan responsab yo idantifye e rezoud pwoblèm teknik yo.

Ayisyen ki te sòti divès kote nan peyi d Ayiti ak nan dyaspora a te patisipe nan 3èm edisyon "Festival de la Mèr la " nan vil Kapayisyen soti 1e pou rive 3 out 2014 la.

Anfen, nan Long Island, New York, òganizasyon "Le Nord-Ouest Réuni" te òganize nan weekend nan rande-vou anyèl li ak ayisyen ki soti nan Nòdwès peyi a an patikilye ak lòt konpatiyòt nan Dyaspora a pou dirijan yo te pale de reyalizasyon ki fèt jiskaprezan ak kontribisyon gouvènman Martelly/ Lamothe la pote --e pral pote-- bay reyalizasyon pwojè ki sou pwogram òganizasyon an. Pierre Adam, direktè kabinè Minis Enèji ayisyen an, te reprezante Primati a.

Klike sou "Koute" pou w swiv detay nouvèl sa yo ak ekip Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la.

XS
SM
MD
LG