Accessibility links

Breaking News

3 Out 1914 - 3 Out 2014: Premye Gè Mondyal la Gen 100 An.


Prezidan François Hollande (adwat) kanpe bò kote Prezidan Joachim Gauck pou yo rann omaj pou viktim Premye Gè Mondyal la devan Moniman Hartmannswillerkop. (Foto: 3 out 2014).
Prezidan François Hollande (adwat) kanpe bò kote Prezidan Joachim Gauck pou yo rann omaj pou viktim Premye Gè Mondyal la devan Moniman Hartmannswillerkop. (Foto: 3 out 2014).

Dimanch 3 out 2014 la fè 100 tan jou pou jou depi Premye Gè Mondyal la (sa yo rele La Grande Guerre la) te kòmanse. Nan okazyon 100èm anivèsè sa a, prezidan peyi Lafrans ak Lalmay, François Hollande ak Joachim Gauck, patisipe nan yon seremoni ki dewoule nan pati lès Lafrans --pi presizeman nan rejyon ki rele Alsace la-- tou prè fwontyè 2 peyi yo kote 2 lidè yo depoze premye pyè konstriksyon yon moniman ki pral onore sòlda ki te pèdi lavi yo pandan lagè a.

Vrèmanvre, sa gen 100 tan Lalmay te deklare Lafrans lagè, sa ki te deklanche pi gwo lagè ki fè san koule e koze destriksyon sou kontinan ewopeyen an. Seremoni gen pou dewoule pandan tout ane a pou make santnè evennman ki te makònen ak La Grande Guerre la. Jounen Jodi a, Lafrans ak Laymay reprezante 2 gwo manm Inyon Ewòp la ki genyen 28 eta-manm. Sepandan, pandan Misye Hollande bat bravo pou lapè, demokrasi ak inite ki te sòti anba dekonb lagè a, li atire atansyon tou sou mankman ki genyen nan inyon an.

Klike sou “Koute” pou w swiv yon repòtaj sou komemorasyon 100èm anivèse Prymye Gè Mondyal la an Frans avèk Marie-Luce Pierre ak Lyonel Desmarattes.

XS
SM
MD
LG