Accessibility links

Breaking News

Ayiti- Kowoperasyon: Prezidan Michel Martelly Siyen Divès Akò ak Bahamas


Prezidan ayisyen an Michel Martelly
Prezidan ayisyen an Michel Martelly

Prezidan Michel Martelly retounen nan Pòptrens madi 29 jiyè 2014 la apre yon vizit nan Bahamas kote li siyen plizyè akò ak Premye Minis Perry Christie. Objektif akò sa yo se amelyore relasyon 2 peyi yo nan domèn komèsyal, imigrasyon, ladwan ak agrikilti.

Yon lòt kote, prezidan sena franse a, Jean-Pierre Bel, rive ann Ayiti madi 29 jiyè a pou l rankontre ak otorite lokal yo epi vizite plizyè vil peyi a. Misye Bel ap fè vizit sa a nan moman sena ayisyen an ap pare pou l fè deba sou pwojè amandman lwa elektoral la jedi 31 jiyè a. Tokay ayisyen Misye Bel la, Dieuseul Simon Desra, pa bay garanti gwoup 6 senatè ap vote pwojè amandman lwa elektoral la apre yo fin pase lontan ap di yo pap amande dokiman an toutotan kondisyon yo pa reyini pou fòme yon KEP daprè Atik 289 konstitisyon an. Senatè Moise Jean Charles, youn nan 6 senatè yo, konfime li menm ak kòlèg li yo ap prezan nan rankont la pa pou amande lwa elektoral la, men pou lòt rezon.

Yon ansyen depite ayisyen deklare nan vil Boston, Eta Massachussetts, Depite Arnel Belizaire chwazi yon move estrateji pou l fè grèv grangou li mete sou pye depi 21 jiyè 2014 la. Depite Bélizaire mande demisyon jij Arnel Alexis Joseph ak liberasyon moun ki nan prizon, daprè li, pou rezon politik.

Vil Okap ap pare pou l akeyi 3èm edisyon Festival de la Mer. Objektif festival sa a se ankouraje vizitè al dekouvri potansyèl kiltirèl, atistik e istorik zòn ki nan alantou vil la. Anfen, Kanaval Dèflè a ki sot dewoule nan Pòtoprens pandan 3 jou, fini bonè nan jounen mèkredi 30 jiyè a.

Klike sou "Koute" pou w tande repòtaj Sèvis Kreyòl la sou nouvèl sa yo.

XS
SM
MD
LG