Accessibility links

Breaking News

Deklarasyon Konsèy Sekirite l'ONU sou Sitiyasyon an nan Gaza.


Yon machin blende izrayelyen ap retounen ann Izrayèl apre li fin travèse pati nò fwontyè a ak Bann Gaza a. Dat: Lendi 28 jiyè 2014.
Yon machin blende izrayelyen ap retounen ann Izrayèl apre li fin travèse pati nò fwontyè a ak Bann Gaza a. Dat: Lendi 28 jiyè 2014.

Konsèy Sekurite Oganizasyon Nasyon Zini an adopte yon deklarasyon prezidan konsèy la, Eugene-Richard Gasana, te prepare e ki mande yon seselfe imedya e san kondisyon ant Izrayèl ak Hamas sou Bann Gaza a pou rezon imanitè. Deklarasyon an -ke misye Gasana prezante byen bonè lendi 28 jiyè 2014 la devan manm konsèy la-- mande tou lè 2 pati ki mele nan konfli a pran dispozisyon ki nesesè pou yo tabli yon seselfe dirab e ke yo tou lè 2 respekte. Misye Gasana di :

“Konsèy Sekirite a eksprime gwo kè-sote li devan deteryorasyon sitiyasyon an, kè-sote devan kriz ki pete nan Gaza a ak moun kap mouri e kap blese nan konfli a. Konsèy la egzije yon respè total-kapital lwa entènasyonal sou kesyon imanitè yo, san bliye pwoteksyon popilasyon sivil la. Konsèy la repete nesesite ki genyen pou pati konsène yo pran dispozisyon ki nesesè pou yo garanti sekirite, byennèt ak pwoteksyon sivil yo.”

Konsèy Sekiurite a pran aksyon sa a aprè divès akò seselfe te echwe depi konfli a te kòmanse sa genyen 3 semèn. Anbasadè palestinyen an nan l’ONU, Riyad Mansour, fè konnen li espere deklarasyon Konsèy Sekurie-a va debouche sou yon seselfe dirab ; sepandan li kritike konsèy la poutèt, daprè li, li pa rive pran yon aksyon ki pi djanm tankou pa egzanp, yon rezolisyon kont sa anbasadè a konsidere kòm yon «agresyon peyi Izrayèl ». Diplomat palestinyen an deklare :

« Nou te atann nou aske, pou Konsèy Sekirite a fè fas ak pwoblèm nan, li tap ofri pwoteksyon pou pèp nou an epi chache satisfè doleyans lejitim pèp kap viv sou Bann Gaza a. Sitiyasyon an pa kapab kotinye jan l ye a ; e li pa posib pou n retounen nan sitiyasyon ki te egziste anvan agresyon an. »

Bò kote pa l, chèf misyon diplomatik Izrayèl la nan l ONU, Ron Prosor, te pran lapawòl pou l di Hmas tire 2 mil 500 wòkèt sou Izrayèl; li repete kèk mo li te deja pwononse nan yon lòt sikonstans e kote l te di, si Izryaèl pat twouve l anba atak wòkèt, li pa tap genyen pou l lanse yon kontratak. Anbasadè Prosor di :

« Nou te fè tout sa n te kapab pou n evite konfli a. Sepandan Hamas te refize sispann atake nou. Izrayèl te aksepte 5 pwopozisyon seselfe ; Hamas rejte oubyen vyole yo tout … menm seselfe li-menm ankò te pwopoze. »

Goumen kap dewoule ant Izrayèl ak militan Hamas yo deja touye mil 100 moun depi mwa jiyè a te kòmanse --pi fò nan viktim sa yo se moun ki tap viv sou Bann Gaza a. Gouvènman izrayelyen an fè konnen li pèdi 43 sòlda ak 3 sivil. Nan jounen dimanch 27 jiyè 2014 la, premye minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, te parèt nan televizyon Ozetazini pou l di li byen konprann opinyon mondyal la kapab tounen kont peyi li ; sepandan li fè sèman Izrayèl pral fè tout sa l kapab pou l pwoteje pèp li a anba atak militan Hamas yo ap lanse sou tèritwa li.

Plizyè lidè mondyal --pami yo genyen prezidan ameriken an, Barack Obama-- kontinye fè efò pou wè si yo ta jwenn yon seselfe dirab pou goumen yo. Nan jounen dimanch 27 jiyè a, Misye Obama te rele Premye Minis Netanyahu nan telefòn pou fè l konnen kantite moun ki mouri yo ba li kè-sote. Alòske prezidan ameriken an te ensiste sou enpòtans sekirite Izrayèl, li atire atansyon tou sou nesesite pou efò fèt pou diminye kriz imanitè ki pete sou Bann Gaz a.

XS
SM
MD
LG