Accessibility links

Breaking News

Fen 20èm Conferans Entènasyonal sou SIDA nan Mèlboun, ann Ostrali.


Panèl diskisyon sou pwogrè ki fèt nan lit kont SIDA a nan lemond, nan konferans entènasyonal ane 2014 la.
Panèl diskisyon sou pwogrè ki fèt nan lit kont SIDA a nan lemond, nan konferans entènasyonal ane 2014 la.

Ekspè ak delege ki t ap patisipe nan 20èm Konferans Entènasyonal sou SIDA a nan vil Mèlboun, ann Ostrali, ap retounen lakay yo apre yon semèn semèn diskisyon ak deba sou, antwòt, pwogrè ki fèt nan rechèch gerizon pou maladi motèl la.

Nan 20 tan, kantite moun ki patisipe nan konferans sa a sòti nan 2 mil espesyalis ak chèchè ki te reponn prezan nan premye rankont la ki te dewoule nan vil Atlanta, Ozetazini, nan lane 1985, pou rive nan plis pase 12 mil delege (pami yo te genyen ekspè nan domèn medikal la, militan ak moun kap viv al maladi SIDA a). Nan Konferans Melboun nan, patisipan yo te gen pou yo abòde yon gwo kantite tèm ki te sòti nan rechèch syantifik sou epidemi an pou rive nan pwoblèm sosyal malad yo ap konfwonte.

Kèk jou sèlman anvan konferans 2014 la te kòmanse, 6 gwo pèsonalite ki te enplike nan lit kont SIDA a te pèdi lavi yo nan aksidan yon avyon ki tonbe nan pati lès peyi Ikrèn, kote militan separatis pwo-Larisi ap goumen ak gouvènman ki nan Kyèv la. Viktim sa yo se : chèchè olandè byen koni Joep Lange –ki se yon ansyen pezidan Sosyete Entènasyonal SIDA a—avèk pòtpawòl Oganizasyon Mondyal Lasante (OMS), Glenn Thomas ; yon kolaboratris Misye Lange, Jacquelin van Tongeren, Pim de Kuijer, ki se manm òganizasyon « Bloke SIDA Kounyela a », epi Lucie van Mens ak Maria de Schutter, 2 manm Aksyon Kont Sida ann Ewòp. Nan seremoni ki te inogire konferans la nan jounen dimanch 20 jiyè a, Prezidant Sosyete Entènasyonal SIDA a, Françoise Barre-Sinoussi, te mande yon moman silans kòm yon omaj pou 6 delege ki mouri yo.

Pami pèsonalite ki te pran lapawòl nan konferans la, te genyen ansyen prezidan ameriken Bill Clinton, ki deklare :

«Nou reyini isit la nan okazyon 20èm anivèse premye Konferans Entènasyonal sou SIDA a, pou n selebre pwogrè ki fèt nan lemond nan lit kont SIDA a. Jodi a nap travay pou n kreye yon jenerasyon ki debarase totalman anba maladi a. Nou pa dwe kite lit la ; e se nou tout ki dwe pran direksyon batay la. »

Jounen jodi a, nan moman SIDA a deja touye anviwon 39 milyon moun a travè lemond depi kòmansman ane 80 yo tandiske yon afè de 35 milyon lòt ap viv avèk viris ki bay maladi a, epidemi an rive transfòme lemond. SIDA pwovoke innegalite ak enjistis toupatou nan sosyete nou yo ; e militan kap konbat maladi a fè konnen yo pap kapab lite kont SIDA ak VIH/SIDA avèk efikasite, si yo pa lite tou kont innegalite ak enjistis sa yo.

Klike sou ”Koute” pou w swiv yon repòtaj anvwaye espesyal Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, Marie Luce Pierre, sou seremoni ki mete fen nan 20èm Konferans Entènasyonal sou SIDA a nan vil Mèlboun, Ostrali.

XS
SM
MD
LG