Accessibility links

Breaking News

L’ONU Mande yon Fen nan Vyolans la nan Gaza


Solda izrayelyen ap kote sèkèy majò Amotz Greenberg, 45, nan vil Hod Hasharon ann izrayèl, (Foto 20 jiyè, 2014.)
Solda izrayelyen ap kote sèkèy majò Amotz Greenberg, 45, nan vil Hod Hasharon ann izrayèl, (Foto 20 jiyè, 2014.)

Konsèy Sekirite Oganizasyon Nasyon Zini an --ki te fè yon reyinyon dijans dimanch 20 jiyè 2014 la nan katye jeneral l’ONU nan New York-- lanse apèl bay Izrayèl ak militan Hamas yo pou l mande yo obsève yon seselfe sou Bann Gaza tandiske li eksprime kèsote li pou nivo vyolans la kap monte, nan moman Izrayèl ap ranfòse atak aviyasyon militè li ak lame de tè li ap lanse kont militan yo. Dimanch 20 jiyè a se jou kote konfli a –ki la depi 2 semèn- fè plis viktim. Omwen 65 palestinyen ak 13 sòlda izrayelyen mouri ; pami sòlda sa yo, 2 te gen nasyonalite amerikèn. Anbasadè palestinyen an nan l’ONU, Riyad Mansour, fè konnen kan pa l la te espere Konsèy Sekirite a ta pral pran yon rezolisyon pou l kondane agresyon pèp li a ap sibi epi mande pwoteksyon pou palestinyen yo. Anbasadè Mansour di :" Le fèt ke Konsèy Sekirite a aksepte eleman ki nan dokiman ke prezidan Konsèy la fèk li pou manm yo, sa reprezante yon tès pou Izrayèl ki gen pou demontre si vrèman li pral respekte tout sa k di nan dokiman an epi pwoteje pèp nou an."

Bò kote pa l, anbasadè Izrayelyen an nan l’ONU, Ron Prosor --ki te pran lapawol anvan reyinyon dijans la te pran fen-- fè konnen sèl mwayen pou Izrayèl mete fen nan operasyon militè l la, se pou militan Hamas yo ki nan Gaza sispann lanse kout wòkèt sou tèritwa izrayelyen an. Diplomat izrayelyen an deklare: “Ekwasyon an trè senp; si gen trankilite ann Izrayèl, pral gen trankilite tou nan Gaza. E trankilite sa a pral dire osi lontan ke HAMAS sispann tire plizyè milye kout-zam san gade dèyè sou rejyon kote anpil moun ap viv nan peyi Izrayèl.”

Lame de tè Izrayèl la te lanse yon operasyon nan Gaza byen ta nan jounen jedi 17 jiyè a, aprè atak aviyasyon militè a pat rive mete fen nan atak ak kout-wòkèt kap sòti nan Gaza. Premye minis israyelyen an, Benjamin Netanyahu --ki tap pale ak chèn televizyon amerikèn CNN dimanch-- fè konnen peyi li pral pran tout aksyon li panse ki nesesè pou l fè atak kap sòti nan Gaza yo sispann. Pandansetan, nan vil Lekèr, Sekretè Jeneral Lig Arab la, Nabil el-Araby, fè parèt yon deklarasyon kote li dekri atak lame de tè ak aviyasyon militè Izrayèl lanse sou katye Shijaiya, nan Gaza, kom “yon krim de gè kont sivil palestinyen yo e yon danje ki ka fè sitiyasyon an vin pi konplike.“

XS
SM
MD
LG