Almay kalifye pou kar de final koup di mond Brezil 2014 la avèk anpil difikilte apre yo kale Aljeri an pwolongasyon 2 a 1. La Frans kalifye tou apre eliminasyon Nijerya 2 a 0.
Nan kar de final la, k ap kòmanse vandredi, La Frans ap jwe kont Almay a midi tapan nan Rio de Janeiro. A 4è Brezil ap woule balon fas ak Kolonbi nan Fortaleza.
Nan lòt nouvèl konsènan koup dimond la: Fanatik Sid Koreyen yo voye po mango, po zoranj sou seleksyon nasyonal la pou montre kijan yo fache ak movèz pèfòmans seleksyon koreyèn nan renmèt nan konpetisyon an.
Federasyon Foutbòl Kameroun nan pran angajman pou l sanksyone 7 jwè kamerounè ki sanble ta fè magouy pou seleksyon nasyonal la pèdi rankont kont Kwasi. Kwat yo te bat Kamerounè yo 4 a1 nan dènye match gwoup A a.
Foutbolè Irigweyen, Luis Suarez, ekri yon mesaj sou rezo sosyal Twitter pou l prezante ekskiz bay defansè Italyen Giorgio Chiellini li te mòde pandan rankont Itali/Irigwe a. Chiellini di li asepte ekskiz la men se FIFA ki dwe konnen si wi ou non l ap leve ou byen redwi sanksyon 4 mwa li pran kont foutbolè a.