Accessibility links

Breaking News

Seleksyon Foutbòl Ameriken an Kalifye pou Faz Dechoukaj Koup di Mond Brezil 2014 la


Foutbolè alman Mats Hummels, agòch, ak ameriken Fabian Johnson ap goumen pou balon an nan yon match gwoup G a ki dewoule nan vil Recife. (Foto: 26 jen 2014).
Foutbolè alman Mats Hummels, agòch, ak ameriken Fabian Johnson ap goumen pou balon an nan yon match gwoup G a ki dewoule nan vil Recife. (Foto: 26 jen 2014).

Seleksyon nasyonal Lèzetazini an pran tikè li pou faz dechoukaj koup di mond Brezil 2014 la malgre li pèdi (1 a 0) devan Lalmay. Ameriken yo fini ak menm kantite pwen ak Pòtigal, swa 4 pwen; men seleksyon etwale a okipe 2èm pozisyon nan klasman gwoup G a gras ak yon gòl diferans 0; Pòtigè yo fini premye faz la an 3èm pozisyon, paske gòl diferans yo se -3. Gana fini dènye pozisyon nan gwoup la apre li tonbe devan Pòtigal ki bat li sou yon skò 2-1.

Komite disiplinè FIFA a sispann atankan irigweyen Luis Suarez pou 9 match, li pa gen dwa patisipe nan okenn aktivite ki gen rapò ak foutbòl pandan 4 mwa epi li gen pou l peye yon amand 82 mil 190 dola poutèt li te mòde defansè italyen Giorgio Chiellini nan yon rankont ki te dewoule madi 24 jen an. Irigwe te kale Itali 1 a 0 pou l kalifye pou faz dechoukaj la; se defèt sa a ki elimine italyen yo.

Desizyon FIFA a vle di Suarez pap patisipe nan rankont Irigwe gen pou jwe ak Kolonbi samdi 28 jen an. Li vle di tou Suarez pap kapab reprezante peyi l nan Copa America a, edisyon 2015 la. Pwochen fwa Luiz Suarez pral elijib pou l jwe pou klib anglè Liverpool, se nan mitan mwa oktòb 2014 la.

Nijerya kalifye pou faz dechoukaj koup dimond la malgre li te pèdi 3 a 2 devan Ajantin nan jounen mèkredi 25 jen an. Nijeryan yo te jwenn apui ekip Bosni Hèzegovin nan ki kale Iran 3-1. Seleksyon nasyonal Laswis la, bò kote pa l, travèse nan faz dechoukaj la apre li pase Ondiras yon swif 3 a 0. Ekwatè rate chans kalifyikasyon an apre match nil 0 a 0 li fè avèk Lafrans. Lendi 30 jen an, Lafrans pral rankontre ak Nijerya nan vil Brazilia. Madi 1e jiyè an, Ajantin ap rankontre ak Laswis nan vil Sao Paolo.

Yon lòt kote, 2 foutbolè ganeyen pat patisipe nan match 11 nasyonal peyi yo a jwe kont Pòtigal apre responsab yo te mete yo deyò nan seleksyon an. Kevin-Prince Boateng retounen lakay li apre li te ensilte antrenè Kwesi Appiah ak kèk pawòl piman bouk. Yo te ekspilse tou Sulley Alli Muntari, yon lòt vedèt seleksyon Gana a, apre misye te atake yon manm delegasyon an fizikman. Nouvèl yo rapòte Muntari te menm kouri dèyè responsab la avèk yon mòso boutèy nan men n.

FIFA louvri yon ankèt pou konnen ki sou-vètman foutbolè brezilyen Neymar te gen sou li pandan Brezil tap rankontre ak Kamwoun nan dènye match group A a lendi 23 jen an -- match Brezilyen yo te ranpòte sou yon skò 4 a 1. Dapre règleman yo, foutbolè yo gen obligasyon pou yo pote sou teren an rad ki fèt nan boutik fabrikan spòtif k ap patwone koup di mond la.

Neymar te deja fè fas ak yon pwoblèm konsa pandan dewoulman Koup d'Ewòp dè Chanpyon 2013-2014 la apre li te montre yon sou-vètmann ki sanble te gen sou li etikèt yon konpayi kap fè konkirans ak konpayi ki te patwone chanpyona a.

XS
SM
MD
LG