Accessibility links

Breaking News

Irigwe Mete Itali Deyò nan Koup di Mond 2014 la.


Irigweyen Diego Godin (mayo No. 3) make gòl viktwa 1 a 0 kont Itali nan rankont gwoup D koup di mond la nan vil Natal, o Brezil, Madi 24 jen 2014 la.
Irigweyen Diego Godin (mayo No. 3) make gòl viktwa 1 a 0 kont Itali nan rankont gwoup D koup di mond la nan vil Natal, o Brezil, Madi 24 jen 2014 la.

Seleksyon foutbòl Italyen an retounen nan peyi l apre li elimine nan koup di mond foutbòl Brezil 2014 la. Italyen yo, ki te bezwen yon viktwa pou yo te pase nan 2èm faz mondyal la, tonbe 1 a 0 devan Irigwe nan gwoup D a. Irigweyen yo pral rankontre venkè gwoup C a, Kolonbi, nan faz dechoukaj la samdi 28 jen apre yon rankont Brezil pral fè avèk Chili. Lagrès elimine Kot Divwar nan gwoup C a; kounye a Grèk yo pral rankontre Kosta Rika, venkè gwoup D a, dimanch 29 jen an apre yon match ki pral mete La Oland an fas Meksik.

Lespay, Itali, Angletè --3 peyi ki te favori pou rive byen lwen nan konpetisyon an-- retounen lakay yo menm jan ak Kamwoun, Kot Divwa, Ostrali, Kwoasi ak Japon.

Antrenè seleksyon Italyen an Cesare Prandelli bay demisyon n kèk èd tan aprè eliminasyon ekip la. Misye Prandelli, ki te renouvle kontra l nan tèt seleksyon an sa pa gen lontan, di desizyon an irevokab.

FIFA akize ofisyèlman atakan seleksyon Irigwe a, Luis Suarez, deske li mòde yon defansè seleksyon nasyonal Itali a, Giorgio Chiellini, pandan dewoulman yon match ki dewoule nan jounen madi 24 jen 2014 la e ki fini sou yon skò 1 a 0 an favè Irigwe. Selon règleman yo, Suarez kapab resevwa yon sispansyon 2 zan ou byen 24 match, si yon komisyon dankèt jwenn misye koupab.

Se pa premyè fwa Luiz Suarez ap mòde yon foutbolè parèy li. An 2010, Federasyon Foutbòl Olandè a te sispann li pou 7 match apre li te mòde yon foutbolè ki tap evolye nan lig olandèz la. An 2013, Federasyon Foutbòl Anglè a te sispann misye tou pou 10 rankont; fwa sa a se apre jwè irigweyen an te mòde Branislav Ivanovic kap jwe nan klib anglè Manchester United.

Yon kout zèklè frapre avyon ki t ap transpòte seleksyon foutbòl espayòl la nan moman li t ap desann pou l ateri sou ayeropò Adolfo Suarez la, nan vil Madrid. Nouvèl yo pa di si gen moun ki blese.

Nouvèl konsènan foutbòl toujou: Federasyon Foutbòl Chilyen an anonse FIFA ba li yon amand apre plis pase 80 fanatik chilyen te antre pa la fòs nan stad Maracana a, san tikè. Federasyonl an ak FIFA pa bay detay sou montan amand la.

Gouvènman ganeyen an frete yon avyon pou li transpòte plis pase 3 milyon dola o Brezil pou peye jwè seleksyon an prim kalifikasyon yo pou mondyal la. Jwè yo te menase pou pa jwe rankont Gana-Pòtigal la ki fiikse pou jedi 26 jen an, si yo pa resevwa 75 mil dola dirijan yo te pwomèt yo. Prezidan ganeyen an, John Dramani Mahama, te entèveni pèsonèlman pou l garanti ke jwè yo resevwa lajan kalifikasyon ekip la. Chak peyi ki kalifye pou koup di mond la ap resevwa 8 milyon dola. 1 milyon dola an plis pou peyi ki kalifye pou faz dechoukaj la (sètadi, faz kote depi yon ekip pèdi, li tou elimine); chanpyon mondyal 2014 la pral resevwa 35 milyon dola.

-----------------------------------------------------------------------------

Rezilta rankont ki dewoule pandan premye pati jounen mèkredi 25 jen 2014 la: Ajantin kale Nijerya 3-2, tandiske Bosni-Ezegovin bat Iran 2-0. Sou rès pwogram jounen an, genyen 2 lòt match: Lafrans ak Ekwatè nan Rio de Janeiro, epi Ondiras ap jwe ak Laswis nan vil Manaus.

-----------------------------------------------------------------------------

Nouvèl sou baskètbòl: Lebron James, ki sou kontra ak Miami Heat jis nan ane 2016-- deside abandone 2 dènye ane kontra a pou l tounen yon “ajan lib “; sa vle di, li kapab siyen kontra ak nenpòt ki ekip li vle. Desizyon sa a baze sou kondisyon ki nan kontra a. Nenpòt ekip ki ta renmen jwenn sèvis Lebron James, (pami yo gen Miami Heat), dwe pare pou l peye misye 127 miyon 700 mil dola.

XS
SM
MD
LG