Accessibility links

Breaking News

Kout Dlo Frèt Pòtigal pou Etazini nan Mondyal Brezil la


Clint Dempsey ap gade balon an k ap antre nan filè seleksyon pòtigè a 22 jen 2014. (Foto REUTERS/Siphiwe Sibeko
Clint Dempsey ap gade balon an k ap antre nan filè seleksyon pòtigè a 22 jen 2014. (Foto REUTERS/Siphiwe Sibeko
Pòtigal fè match nil 2 a 2 ak Etazini nan yon rankont ki te chaje ak emosyon aloske Ronaldo e konpayi a te sou wout pou yo elimine. Silvestre Varela make gòl egalizasyon pou pòtigè yo nan moman Etazini t ap mennen 2 a 1 apre tan reglemantè a.

Nani te louvri skò a pou pòtigè yo depi nan premye mitan an. Jermaine Jones egalize pou seleksyon etwale a nan 2èm mitan an avan kapitèn seleksyon Etazini an, Clint Dempsey, te bay ameriken yo yon avantaj 2 a 1.

Nan klasman jeneral la Etazini pataje premye plas la ak Almay ak 4 pwen. Ghana ak Pòtigal genyen 1 pwen.

Sispenns nan toujou ekziste nan gwoup B a (espesyalis yo rele li gwoup lanmò) kote ekip yo pral jwe dènye rankont yo jedi 26 jen. Etazini ap rankontre ak Almay nan Recife; tou 2 ekip yo kapab kalifye si yo fè match nil. Ghana ap rankontre Pòtigal nan Brazilya; kèlke swa venkè rankont sa a, l ap gen 4 pwen -donk gòl diferans kapab enpòtan nan moman sa a. 2 ekip yo ap elimine si yo fè match nil; nan ka sa a Etazini ap kalifye kèlkeswa rezilta li jwenn fas a Almay.

Yon lòt kote, antrenè seleksyon ameriken an, Jurgen Klinsmann, lonje dwèt sou FIFA ki, dapre li, ta bay Almay avantaj sou Etazini. Msye Klinsmann di ameriken yo pap gen tan pou repoze tadiske 11 nasyonal alman ap obsève yon poz plizyè jou.

Kritik ap fèt sou desizyon FIFA pran pou l fès antidopan sou 7 jwè seleksyon Kosta Rika a apre viktwa sipriz 1 à 0 li ranpòte sou Itali, youn nan ekip favori pou ranpòte mondyal la. Pou FIFA defann tèt li, li deklare rezon an se pou pèmèt òganizasyon an ratrape tès li pat fè avan sou jwè kostariken yo. Dapre règleman yo, apre chak match tès antidopaj dwe fèt sou 2 jwè nan chak ekip.

NBA.com

Nan baskètbòl, Cleveland Cavaliers nonmen, David Blatt, kòm nouvo antrenè ekip la dapre anons responsab yo fè vandredi 20 jen 2014 la. Kontra a, k ap dire 3an ak opsyon pou yon 4èm ane, koute anviwon 20 milyon dola.

Yon lòt kote basket, Carmelo Anthony, k ap jwe nan New York Knicks, ekri responsab yo pou anonse entansyon li pou l pa kontinye jwe pou ekip la sezon pwochen an malgre li manke yon ane pou kontra l fini; si l te rete avèk ekip New York la, li t ap resevwa 23 milyon 500 mil dola. Desizyon Carmelo Anthony an vle di msye kapab resiyen yon kontra 5an ak New York Knicks ou byen nenpòt lòt ekip pou 129 milyon dola. Miami Heat, Chikago Bulls ak Dallas Marverick se 3 pami ekip ki anonse enterè yo nan sèvis vedèt la.
XS
SM
MD
LG