Ann Ayiti, sena Repiblik la poko fikse yon lòt dat pou manm li yo reyini ann asanble pou yo vote sou amandman lwa elektoral la a nan kad preparasyon pwochèn eleksyon yo, lontan aprè chanm depite a fin apwouve dokiman an.
Pandan Prezidan Sena a, Dieuseul Simon Desras, tap fè kòmantè sou dosye a, li mande solidarite nan mitan palmantè yo pou yo kontrekare sa ki pap mache nan gouvènman an. Lidè Sena a te abòde blokaj pwosesis elektoral la pandan pasaj li nan « Livres en Folie » nan jounen jedi 19 jen 2014 la.
Klike sou « Koute » pou w tande opinyon Senatè Simon Desras sou kriz elektoral la an jeneral e pi presizeman sou mank kowòm ki fè chanm wòt la pa ka òganize yon vòt sou lwa elektoral amande a.