Accessibility links

Breaking News

Prim yon Abit pou Koup di Mond la: 50 Mil Dola


Brazil Soccer WCup Brazil Croatia
Brazil Soccer WCup Brazil Croatia
Anviwon yon dizèn abit k ap dirije match koup di mond Brezil 2014 la kapab resevwa 50 mil dola, dapre nouvèl Yahoo Sport pibliye. Salè a sa a depann de kantite match yon abit dirije. Se 15 mil dola an plis konpare ak lajan yon abit te resevwa nan koup di mond 2006 la.

Yahoo Sport dekouvri tou prim foutbolè yo varye de yon peyi ak yon lòt paske FIFA pa enpoze yon montan fiks kòm lajan yon peyi kapab peye foutbolè li. 32 peyi patisipan yo resevwa 8 milyon dola yo chak e montan sa a kapab plis toujou pou chak etap yon ekip franchi nan konpetisyon an. Chanpyon mondyal 2014 la ap resevwa 35 milyon dola.

Pou sa ki gen rapò ak salè foutbolè yo, jwè ameriken yo kapab resevwa jiska 76 mil dola yo chak pou patisipasyon yo aloske chak jwè ostralyen ap mete nan pòch li jiska 150 mil dola. Jwè kamwounè yo gen garanti yap resevwa 12 mil dola pou patisipasyon yo.
Jwè angle yo, bò kote pa yo, gen pwomès 700 mil dola yo chak si yo ranpòte twofe mondyal la.

Yon lòt kote, antrenè seleksyon nasyonal Etazini an, Jurgen Klinsmann, gen pwoblèm pou l jwen yon ranplasan pou jwè ameriken dorijin ayisyèn Jozy Altidore ki pap kapab jwe match kont Pòtigal Dimanch 22 jen an akoz blesi.

Kolonbi kalifye pou faz dechoukaj la apre viktwa 2 a 1 li ranpòte sou Kot Divwar nan gwoup C a. 2èm plas nan group sa a toujou an diskisyon apre match nil 0 a 0 Japon fè ak Lagrès ki t ap jwe ak 10 jwè; chak nan ekip sa yo gen 1 pwen. Kot Divwar, ki gen 3 pwen, bezwen yon viktwa ou byen yon nil devan Lagrès pou l pase nan pwochen tou a, akondisyon pou Japon pa ranpòte yon viktwa ak anpil gòl kont Kolonbi.

Sitiyasyon an pa diferan nan group D a apre defèt 2 a 1 Angletè sibi nan men IrIgwe. Avèk 0 pwen Angle yo bezwen ranpòte pwochen rankont y ap jwe kont Kosta Rika epi pou Itali ranpòte 2 pwochen match li yo, youn devan Kosta Rika, lòt la devan Irigwe ki gen 3 pwen. Angle yo ap elimine si Kosta Rika fè match nil ou byen ranpòte laviktwa devan Itali.
XS
SM
MD
LG