Accessibility links

Breaking News

Palman an Poko Chwazi Reprezantan n nan KEP a, d'apre J.C Thimoléon


CEP LOGO
CEP LOGO
Ann Ayiti, prezidan chanm depite a, Jacques Stevenson Thimoléon, fè konnen palman an poko deside ki sitwayen k ap reprezante l nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Msye Thimoléon fè deklarasyon sa a apre nouvèl k ap sikile ta vle fè konprann se ansyen konseye elektoral Max Mathurin k ap reprezante enstitisyon an nan Konsèy Elektoral la.

Nan Orlando Florid Prezidan pati politik “Rekonstruire Haiti”, Olicier Pieriche, kwè prezidan Michel Martelly te dwe tann pwoblèm Konsèy Elektoral Pwovizwa a ak amandman lwa elektoral la rezoud avan li pibliye arete pou konvoke pèp la nan eleksyon ki fikse pou 26 oktòb 2014 la. Pandansetan, Michel Brunache, pòtpawòl Premye Minis la, anonse yon nouvo bidjè 40 milyon dola pou òganizasyon eleksyon yo.

Yon lòt kote, Direktè Jeneral Polis Nasyonal la, Godson Orelus, te reponn konvokasyon komisyon sekirite ak jistis Sena a mèkredi 11 jen an. Prezidan komisyon an, Pierre Francky Exius, di diskisyon yo te santre sou ensidan ki te pase nan Akayè ak Gresye kote senatè Moise Jean Charles te swadizan sibi agresyon ajan sekirite.

Anfen, Prezidan Michel Martelly inogire yon nouvo lokal biwo kontribisyon nan komin Kafou ki sitiye nan pati sid kapital la, Pòtoprens. Lidè ayisyen an pwofite okazyon an pou l mande opozisyon an sispann mande demisyon n, men pito pote kontribisyon n nan efò k ap fèt pou rezoud pwoblèm ijan peyi a ap konfwonte.

Klike sou "koute" pou n tande devlopman nouvèl sa yo ak Rotchild François Junior, Yves Mompremier ak Orpha Dessources. Prezantasyon: Jean Robert Philippe ak Marie Luce Pierre.
XS
SM
MD
LG