Accessibility links

Breaking News

Pwofesè Ameriken Madison Smartt Bell ap Prezan nan 20èm Edisyon Livres En Folie


Madison Smartt Bell
Madison Smartt Bell

Nan mitan mwa jen 2014 la, 20èm edisyon Livres en Folie -yon evennman kiltirèl ki rive chak ane ann Ayiti- pral dewoule avek patisipasyon ekriven kap viv nan peyi a ak kòlèg yo kap sòti nan Dyaspora a.

Nan mitan mwa jen an -19 ak 20 jen 2014 la- 20èm edisyon Livres en Folie, yon evennman kiltirèl ki rive chak ane ann Ayiti, pral dewoule avèk patisipasyon ekriven kap viv nan peyi a ak kòlèg yo kap sòti nan Dyaspora a -ayisyen kou etranje.

Youn nan etranje kap prezan nan gwo kokenn chenn aktivite kiltirèl nasyonal sa a, se pwofesè ameriken Madison Smartt Bell kap anseye « Ecriture Créative » nan Goucher College, nan vil Baltimore, Eta Maryland, tou pre Washington DC. Nan yon entèvyou Pwofesè Bell bay Lyonel Desmarattes, li pale antwòt de motivasyon li pou l patisipe nan Livres en Folie, travay li kòm ekriven, entèlektyèl ak pwofesè, rankont li ak lang kreyòl la an patikilye e ak pèp ayisyen an an jeneral.

Klike sou « Koute » pou w swiv entèvyou Pwofesè Madison Smartt Bell avèk Lyonel Desmarattes.
XS
SM
MD
LG