Accessibility links

Breaking News

Nouvo Inisyativ Administrasyon Obama a pou Koupe sou Emisyon CO2.


Lafimen kap sòti nan izin elektrik Colstrip Steam, yon izin ki sèvi ak chabon nan vil Colstrip, nan Eta Montana. (Foto achiv)
Lafimen kap sòti nan izin elektrik Colstrip Steam, yon izin ki sèvi ak chabon nan vil Colstrip, nan Eta Montana. (Foto achiv)
Ozetazini, administrasyon Obama a bay detay sou plis limit li vle mete sou emisyon gaz kabonik kap sòti nan izin enèji elektrik yo. Jounal Wall Street ak jounal New York Times rapòte Ajans Pwoteksyon Anviwonnman an (EPA) anonse lendi 2 jen 2014 la yon nouvo règleman otorite yo pwopoze pou yo chache koupe 30 pou san nan emisyon gaz kabonik nan atmosfè a vè lan 2030. Rapò sa a di eta yo ta genyen yon seri opsyon pou yo reyalize objektif rediksyon polisyon an.

Responsab yo prevwa nouvo règleman an pral fin antre an aplikasyon ane pwochèn nan. Li pral fikse premye limit sou emisyon diyoksid kabòn, CO2, a travè tout peyi a. (CO2 se prensipal faktè espesyalis yo lye ak chanjman klimatik yo e li sòti nan izin elektrik kap fonksyone atravè Lezetazini pi espesyalman izin ki sèvi avek chabon ).

Yon lòt objektif inisyativ tou nèf sa a se ankouraje itilizasyon sous enèji renouvlab tankou : enèji solè ak enèji ki sòti nan van, ou nenpòt ki lòt sous ki efikas. Li fè pati yon gwo plan daksyon sou chanjman klimatik yo ke prezidan Barack Obama te anonse sa gen yon lane nan kad efò kap fèt pou diminye rechofman planèt la.
XS
SM
MD
LG