Accessibility links

Breaking News

Haiti Eleksyon - Sosyete Sivil la Mande Chanjman nan KEP a.


Yon gwoup nan sosyete sivil ayisyen an eksprime enkyetid li akoz Konsèy Elektoral Pwovizwa a ap fonksyone ak 7 manb olye de 9.Gwoup la ki rele Cellule de Réflexion et d’Action Nationale(CRAN), depoze yon dokiman nan sena a pou mande pati konsène yo -ofisyèl gouvènman an, palmantè yo ak politik yo—travay ansanm pou jwenn yon solisyon pou rezoud kriz elektoral la.

Devlopman sa a fè kèk obsèvatè ap poze kesyon pou mande èske eleksyon yo ap dewoule vrèman nan fen ane a, jan akò politik El Rancho a prevwa l la. N ap raple kèk espesyalis panse 6 minimòm ap nesesè pou preparasyon e dewoulman eleksyon yo.

Nan sena ayisyen an divès komite ap panche yo sou pwoblèm ijan ki poze nan peyi a, sitou kriz elektoral la an jeneral avèk vòt amandman lwa elektoral patikilyèman. Sou kalandriye rankont prezidan komisyon yo, deba ap fèt pou konnen si yo dwe ranplase ou konfime reprezantan gran kò a nan KEP a. Yon lòt kote, nouvèl yo di pwogè maladi Chikungunya nan peyi a okipe yon plas enpòtan pandan diskisyon yo.

Klike sou « koute » pou w swiv devlopman nouvèl sa yo avèk Renan Toussaint ak Jean Pierre Leroy. Prezantasyon Jacquelin Bélizaire e Lyonel Desmarattes
XS
SM
MD
LG