Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Mande yon Ankèt sou “Movèz Konduit” Ofisyèl nan Depatman Zafè Veteran yo.


Prezidan Barack Obama ap tande kesyon yon jounalis nan la Mezon Blanch apre li te fin rankontre ak Minis Zafè Veteran yo, Eric Shinseki, ak Asistan Chèf Pèsonel la, Rob Nabors.
Prezidan Barack Obama ap tande kesyon yon jounalis nan la Mezon Blanch apre li te fin rankontre ak Minis Zafè Veteran yo, Eric Shinseki, ak Asistan Chèf Pèsonel la, Rob Nabors.
Prezidan ameriken an, Barack Obama, bay yon konferans pou laprès nan La Mezon Blanch nan kòmansman jounen mèkredi 21 me 2014 la, apre li te fin rankontre ak Minis Afè Veteran Lagè yo, Eric Shinseki, e ak asistan chèf pèsonèl Mezon Blanch la, Rob Nabors. Misye Obama fè konnen –nap site: “Mesye-dam sa yo ak manm fanmi yo ki bay sèvis yo nan fòs zame nou an, se pi bon sitwayen peyi nou an kapab genyen. Yo ranpli devwa yo e yo pa mande ni plis, ni mwens ke pou nou menm tou, nou fè devwa pa nou; pou nou onore konfyans sakre yo plase nan nou, pou nou onore konfyans tout sila yo ki sèvi peyi a.”

Prezidan Obama te kontinye pou l bay pozisyon pèsonèl li sou akizasyon ki di kòmkwa Depatman Zafè Veteran an te montre neglijans nan konpòtman li ak veteran ki te gen pwoblèm sante e ki pat resevwa bon sèvis, oubyen pat resevwa okenn sèvis ditou. Lidè ameriken an di :

“Lè m tande akizasyon ki pale de movèz konduit --nenpòt ki kalte movèz conduit: kit se akizasyon kòmkwa manm pèsonèl Depatman Veteran an te kase fèy pou kouvri le fèt ke veteran yo te rete tann twò lontan pou yo jwenn sèvis, kit se akizasyon ki di moun te falsifye dosye Depatman an-- eben, mwen pap aksepte yon konpòtman konsa non sèlman kòm kòmandan an chèf, men tou kòm yon sitwayen ameriken.”

Prezidan Obama fòme yon komisyon pou mennen ankèt sou sitiyasyon an. Youn nan vil kote manm pèsonèl Depatman Veretan an sanble te komèt move zak konsa plis, se Phoenix, nan Eta Arizona, kote asistan-chèf pèsonèl Mezon Blanch la, Rob Nabors, ale menm jounen mèkredi a nan kad ankèt kap fèt sou afè a. Misye Obama kontinye pou l di li pare pou l pran tout dispozisyon pou l korije sitiyasyon an si ankèt montre akizasyon sa yo se laverite.

« Alòs, si ankèt montre akizasyon sa yo koresponnn ak laverite, se yon konpòtman ki dezonore moun ki komèt zak sa yo. Se yon wont e mwen pap tolere sa … pwen final. »

Genyen nan veteran yo ki te mouri pandan yo tap ret tann sèvis nan men depatman an.
XS
SM
MD
LG