Accessibility links

Breaking News

Majistra North Miami a, Lucy Tondreau, Devan Lajistis Amerikèn


Nouvèl ki sòti Miami fè konnen majistra vil North Miami an, Lucie Tondreau (ki gen orijin ayisyèn) rann tèt li bay otorite yo nan moman lajistis amerikèn ap mennen ankèt sou li pou swadizan wòl li ta jwe nan magouy ki te fèt nan kèk tranzaksyon imobilye.

Daprè kèk sous, anvan Madam Tondreau te monte nan tèt mèri North Miami an, li te manm yon gwoup pwofesyonèl ki ede moun vann e achte kay e sanble kèk nan afè gwoup la te fè yo pat respekte règleman legal yo. Nan jounen lendi 19 me 2014 la, ajan FBI (swa Biwo Ankèt Federal Lèzetazini an) te ale lakay majistra a, men li te Las Vegas kote li tap patisipe nan yon konferans.

Lè Madam Tondreau retounen nan Florid nan sware jounen lendi a, li te rann tèt li bay lajistis akonpaye ak avoka li; li konparèt davan yon tribinal madi 20 me a vè 1 nè nan apremidi. Lvwadlamerik kontakte yon ofisyèl mèri a ki fè konnen, pandan Lucie Tondreau mete li a la dispozisyon lajistis, operasyon mèri a ap kontinye dewoule nòmalman.

Klike sou « koute » pou w swiv devlopman nouvèl sa a avèk Pierre Nazon Beaulière.
XS
SM
MD
LG