Dimanch 18 me 2014 la make 211èm anivèsè kreyasyon drapo nasyonal ayisyen an. Nan okazyon an, yon delegasyon prezidansyèl te ale nan Akayè, vil natal drapo a, kote Prezidan Michel Martelly envite opozisyon an prepare l pou eleksyon. Korespondan nou Clarens Renois ban nou detay sou seremoni an ak lòt pwen nan aktyalite ann Ayiti nan mikro Jean Robert Philippe
Fèt drapo ayisyen an sete yon akazyon pou manm kominote ayisyèn nan nan Washington, DC, òganize divès akvitite patriyotik, kiltirèl e atistik, menm jan sa fèt divès kote nan dyaspora a. Direktè Sèvis Kreyòl la, Ronald César, te asiste youn nan aktivite sa yo ke anbasad d Ayiti nan kapital federal Lèzetazini an te òganize nan yon sal sinema, the Greenberg Theatre.
Youn nan patisipan yo, pwofesè Marc Christophe, fè konnen sete yon gwo omaj pou pè fondatè peyi a e seremoni sa a raple li jan sa te konn pase lontan nan peyi d Ayiti. Kanta pou Anbasadè Paul Altidor, aktivite kiltirèl sa a sete yon siksè lè w konsidere fason piblik la te reyaji ak pwogram nan epi kantite moun ki te fè deplasman an pou yo pat rate yon bèl pwogram konsa. Nan okazyon an, piblik la te gen chans apresye talan divès atis, tankou James Germain, chantè ayisyen ki gen renome entènasyonal, avèk manm gwoup dans The Jean Appolon Expressions Dance Theatre.
====================================================
Nan Miami, antwòt, kominote ayisyèn nan te selebre Fèt Drapo a tou avèk divès kalite aktivite : seremoni relijye, dans, mizik, defile, elatriye. Tout bagay te pase an prezans minis kilti peyi d Ayiti a, Monique Rocourt. Madam Rocourt fè konnen sete yon okazyon pou Ayisyen remete peyi yo nan aktyalite a nan pati sid Eta Florid epi pwojte nan je kominote entènasyonal la yon imaj pozitif pou nasyon yo a.
Klike sou « Koute » pou w swiv repòtaj Clarens Renois, Ronald César ak Pierre Nazon Beaulière.